ROSE LUMANE SAINT- JEAN RANPÒTE PRI PIBLIK TV5 MONDE

Rose Lumane Saint- Jean ranpòte pri piblik « TV5 Monde » lan nan kad konkou entènasyonal elokans inivèsite pari 1 panteyon- Sòbòn t ap òganize a._

Reprezantan peyi Dayiti a, Rose Lumane Saint-Jean apre 3 mwa konpetisyon ranpòte pri piblik » TV5 Monde » lan nan kad konkou entènasyonal elokans inivèsite Pari 1 panteyon-Sòbòn t ap òganize a kote final la fèt jounen madi 25 me 2021 an nan pari, kapital peyi Lafrans.

Rose Lumane Saint-Jean t ap defann tèz, nan yon sans afimatif « faut-il décrocher la lune? ». Li se moun ki te jwenn pi plis vòt nan piblik la pami tout lòt kandida yo.

N ap sinyale, nan kad final konkou a te gen 8 finalis : Amélie Cassagne, Émilien Roubeau, Julien Andrieu, Harold- Régis Kouanfack Djifack, Corrado Abate, Dominik Abbas, Mathieu Latrille de Lorencez ak Rose Lumane Saint-Jean.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …