LEMOND/OMAJ: YON MOUN BLESE GRAV NAN OMAJ GEORGES FLOYD NAN VIL  » MINNEAPOLIS

Yon moun blese madi venn senk ( 25) me 2021 an, nan yon omaj ke yo tap rann ak afwo-ameriken Georges Floyd ki te mouri toufe anba jenou polisye blan Derek Chauvin venn senk (25) me 2020 pase a nan vil « Minneapolis ».

Selon pòt pawòl polis vil « Minneapolis » la Jhonn Elder, ki fè konnen pandan omaj la gen yon moun ki blese grav ak bal pandan dewoulman aktivite omaj la. Pòt pawòl polis  » Minneapolis » la, ki fè konnen selon enfòmasyon yo se yon machin ki pase sou sit lanmò Georges Floyd la, epi vide katouch sou moun yo ki te prezan sou sit la ki te kreye panik nan moman, pandan li presize okenn arestasyon pat fèt nan moman aksyon an.

Nou ap siyale, polisye Derek Chauvin ki koupab nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd, ap gen pou konnen kantite prison li ap pran pou krim sa nan mwa jen ki ap vini la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …