AYITI/REFERANDÒM : MOÏSE JEAN CHARLES FÈ GWO DEKLARASYON KONT REFERANDÒM LAN.

Nan yon konferans de près lidè pati pitit Desalin lan Moise Jean Charles te jounen madi 25 me 2021 an, li voye jete byen lwen pwojè referandòm prezidan Jovenel Moïse ap pwone nan tout peyi a nan lide pou chanje konstitisyon 1987 la.

Ansyen senatè depatman nò a pase enstriksyon ak tout patizan, senpatizan li yo pou kraze epi boule tout materyèl ki gen rapò ak pwojè referandòm lan nan lide pou fè echèk ak referandòm malatchong lan.

Ansyen majistra komin Milo a kontinye pou li di, yo pral foule beton an nan jou kap vini la yo pou rive jouk 27 jen pou pa kite moun ale vote pou referandòm lan.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …