AYITI/POLITIK: « SE LASISIN JOVENEL MOÏSE AP FÈ DYASPORA YO AVÈK PWOJÈ REFERANDÒM NAN », DAPRÈ JEAN RENEL SENATUS.

_Ansyen senatè depatman lwès la, Jean Renel Sénatus, nan kad yon konferans pou laprès pa mete dlo nan bouch li pou kritike pwojè referandòm nan, nouvo konstitisyon Jovenel Moïse la. Daprè ansyen palmantè a se lasisin li ap fè dyaspora yo avèk kesyon referandòm nan._

« Yo fè nou jedou, lasisin pou yo di nou yo ap bann nou dwa pou nou vote. Alòske dwa pou vote a pap vle di anyen. Konsèy elektoral pwovizwa gendwa fin di ou se yon prezidan epi yo menm yo al devan kou konstitisyonèl yo di w ou pa prezidan », deklare Jean Renel Sénatus.

3 manm ki soti nan pouvwa lejislatif la, 3 manm ki soti nan pouvwa egzektif la ak 3 manm prezidan kou kasasyon an ap chwazi, se konsa kou konstitisyonèl la ap konstitiye, daprè mèt Sénatus. Selon ansyen palmantè a, se jwèt mètdam. Se prezidan repiblik la ki ap nonmen jij kou kasasyon.  » Yo ap toujou gen redevans anvè li, se yo menm ki ap gen kontwol kou konstitisyonèl la », esplike ansyen palmantè a.

« M ap di dyaspora a pa pran nan lasisin sa. Pa gen moun ki ka vin prezidan peyi a kounya san li pa entegre dyaspora nan jesyon politik peyi a », Jean Renel Sénatus.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …