AYITI/REFERANDÒM/ZEN: JOSEPH LAMBERT MENASE POU KRAZE TOUT BIWO NAN SIDÈS.

Entèvni ayè madi 25 me 2021 an nan aswè sou radyo Zénith, Joseph Lambert fè konnen pa gen okenn biwo referandòm ki ap ka mete nan depatman sidès kote li senatè a._

« Jovenel Moïse panse li gen grenn nan bouda li, men mwen map montre li mwen gen grenn tou. Pa gen okenn biwo referandòm ki ap kapab mete nan depatman sidès », pawòl palmantè a.

Senatè a ki rele tèt li « animal politik » la move kou kong kont pwojè referandòm Jovenel Moïse la.  » Depi gen yon biwo ki ta vin enstale nan depatman sidès, mwen ap kwaze l », fè konnen Joseph Lambert.

N ap raple, 27 Jwen 2021 an ki ap vini an se dat ekip ki sou pouvwa a kenbe pou fè referandòm nan.

 

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …