LEMOND/AFWONTMAN: YON ANKÈT PRAL OUVRI SOU VYOLASYON DWA MOUN NAN « BANDE GAZA », DAPRÈ ONU.

Nan yon kominike Nasyon Zini mete deyò, yo anonse yon rankont nan vizyon konferans jounen jedi venn sèt (27) me 2021 an sou sitiyasyon vyolasyon dwa moun nan Gaza aprè konfli ant Israyèl ak Gaza sòti dis (10) pou rive venteyen (21) me 2021 an.

Nan menm kominike a responsab yo fè konnen konsèy dwa moun nan ONU an, ap chita pou kapab kreye yon komisyon ankèt sou zak vyolans ki te dewoule nan Palestin, komisyon an ap gen pou misyon idantifye tout zak vyolasyon dwa moun pou kapab fè pouswit jidisyè kont otorite Israyèl yo.

Nou ap raple, seri zak vyolans nan Gaza pandan semèn pase a lakoz pou piti desan senkant twa (253) Palestinyen mouri nan frap Israyèl yo, pami yo swasant sis (66) timoun selon enfòmasyon otorite nan peyi Palestin.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …