AYITI/KOWONAVIRIS: YON LÒT DIREKTÈ NAN ADMINISTRASYON PIBLIK LA TESTE POZITIF NAN KOVID-19.

_Charles E. Chatelier, direktè jeneral Faes, teste pozitif nan maladi kowona viris la daprè yon nòt enstitisyon li nan tèt li a fè soti._

Maladi kowona viris la kontinye ap ouvè zèl li nan peyi a ak ka kontaminasyon yo. Direktè jeneral Faes la, Charles E. Chatelier trape maladi Kovid-19 la.

Daprè enstitisyon li ap dirije a, gen yon pakèt mezi ki pral pran nan lide pou pwoteje moun k ap travay nan Faes ak moun k ap frekante espas la.

Nan menm lide pou pwoteje pèsonèl ki ap travay nan Faes yo, toujou daprè enstitisyon an, ap gen yon ansanm travay dezenfeksyon ki pral fèt nan lokal yo a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …