LEMOND/AFWONTMAN: PREMEYE MINIS ISRAYÈL LA DENONSE ANKÈT ONU ANONSE SOU ZAK VYOLASYON DWA MOUN NAN GAZA YO.

Premye minis peyi Israyèl la Benjamin Netanyahou, denonse desizyon òganizasyon Nasyon Zini (ONU) pran pou voye yon misyon ankèt sou zak vyolans ki anrejistre an Israyèl ak Palestin sòti dis (10) pou rive venteyen (21) me 2021 an.

 » Se yon desizyon wont, ki ankouraje teworis nan mond lan » se deklarasyon premye minis Israyèl la Benjamin Netanyahou, fè ayè lajounen aprè vòt pou monte yon komisyon nan Nasyon Zini pou al ankete sou vyolasyon dwa moun ki te fèt nan konfli ant Gaza ak Israyèl .

Sou bò pa li, responsab mouvman islamis yo Hamas , salye desizyon Nasyon Zini pran pou kapab ouvri yon ankèt sou zak vyolans Israyèl yo sou  » Bande Gaza » yo,  » si yo pat estime Israyèl te vyole dwa nou, konsèy dwa moun ONU patap pran desizyon sa a, ki jwenn venn kat (24) vwa, nèf (9) vwa kont ak katòz (14) abstansyon » daprè deklarasyon chèf islamis yo Hamas.

Nou ap raple, sòti dis (10) pou rive venteyen (21) me zak vyolans yo te touye desan senkant kat (254) palestinyen ak sèlman douz (12) nan kan Israyèl yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …