AYITI/KOVID-19 : MALADI KOWONA VIRIS LA POTE ALE DOKTÈ YOLENE VAVAL SURÉNA.

Doktè Yolene Vaval Suréna rann dènye souf li jounen vandredi 28 me 2021 an swit ak konplikasyon ki gen pou wè ak Kovid-19 sante li tap fè fas.

Maladi kowona viris la kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon ayisyen an. Ansyen direktris ministè sante piblik, doktè Yolene Vaval Suréna se dènye ka lanmò peyi a anrejistre akoz pandemi Kovid-19 la.

Doktè Yolene Vaval Suréna, manm asosyasyon medikal ayisyen( AMH), li te teste pozitif nan maladi Kovid-19 la daprè enfòmasyon yon manm AMH te kominike.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …