AYITI / POLITIK : YON MISYON OEA AP VIN AYITI POU VIN EDE REYALIZE ELEKSYON YO .

Òganizasyon Leta ameriken yo (OEA), anonse sou kont twitè yo pral gen yon misyon k ap rantre nan peyi a pou vin ede nan fasilite yon pou rive mennen yon eleksyon lib, transparan ak ekitab nan peyi a.

Daprè twit òganizasyon Leta ameriken yo, misyon sa ap gen reprezantan Kanada, Kostarika, Ekwatè, sen vensan, ak Etazini, misyon sa ap vini nan peyi a aprè envitasyon chèf Leta te voye ba yo nan dat venn uit (28) Avril pase a.

N ap fè remake, anons sila ki fè anpil machwè gonfle nan klas politik la, paske kèk lidè te kwè ayisyen te gen plis kapasite pou ede rezoud kriz aktyèl la nan peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …