AYITI/ESPÒ : YON LÒT ANTRENÈ AP VIN RANFÒSE SELEKSYON NASYONAL LA.

Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) ranfòse estaf teknik seleksyon nasyonal la ak yon nouvo antrenè an aprè.

David Le Goff, se non nouvo antrenè an aprè seleksyon nasyonal la, li vin pote sipò li bay antrenè prensipal la Jean Jacques Pierre. Nan yon entèvyou ak jounalis espòtif Jean Pierre Etienne, antrenè seleksyon nasyonal la Jean Jacques Pierre, fè konnen David Le Goff ap vini pou vin ranfòse estaf teknik seleksyon nasyonal la.

David Le Goff, se yon fransè li gen laj 45 lane li deja antrene plizyè klèb ak seleksyon nan esperyans li tankou peyi Senegal, Mali, Tinizi ,sant fòmasyon « Lorient » elatriye.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …