ESPÒ/LIG DÈ CHANPYON: EKIP CHÈLSE A CHANPYON POU YON DEZYÈM FWA NAN LISTWA LI NAN ZAFÈ LIG DÈ CHANPYON.

_Chelsea ranpòte pou yon 2e fwa nan listwa li « Ligue des champions » an jounen samdi 29 me 2021 an aprè yon kout viktwa (1-0) li fè sou ekip Manchester City a nan peyi Pòtigal._

Chelsea bat Manchester  City (1-0) gras ak yon gòl Havert make nan fen premye mitan match la, yon gòl ki ta pral koke nan gagann ekip Pep Guadiola a jis nan dènye minit yo e ki ta pral pèmèt Chelsea leve koup la.

Antrenè ekip Chelsea Thomas Tuchel ak defansè Thiago Silva rive fè gwo eksplwa sa, yon lane apre ekip PSG a fin revoke epi voye yo ale, yo ranpòte pi gwo konpetisyon klèb ki nan monn foutbòl lan lig dè chanpyon « Ligue des champions » an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …