RISI2018: MATCH LASWÈD VS FÒMASYON SID KORE AN FINI 1-0 NAN AVANTAJ LASWÈD

Jodi 18 jen 2018 lan ekip Laswèd lan mete do Fòmasyon sid Kore an atè (1-0)nan estad Nijni Novgorod lan gras ak yon gòl A.Granqvist 65′ sou penalite.

J.Andersson antrenè laswèd lan te kanpe ekip lan an 4-4-2, Poutan T.Shin te chwazi 4-3-3 pou pou fòmasyon sid kore an .

Chajman nan match foutbòl lan:

– Nan 28′ Kim Min-Woo #12 (Sid kore) rantre , J.Park Defansè soti .
– Nan 66′ Jung Woo-Yong #15 rantre (Sid Kore) , Kim Shin-Wook atakan soti.
– O.Hiljimark #15 (laswèd) rantre, A.Edkal defansè soti .
– Lee Seung-Woo #10 (Sid Kore) rantre , J.koo mitan teren soti nan 72′.
– I.Thelin #22 (laswèd) lan rantre nan 77′, O.Toivonen #20 atakan.
– G.Svensson #13 (Laswèd) rantre, S.Larsson soti 81′.

Katon jonn:
– Kim Shin Wook nan 12′.
– Hwang Hee-Chan atankan ( Sid Kore ) yan nan 55′.
– V.Claesson mitan teren 61′.

Se premye konfrotasyon ant laswèd ak fomasyon Sid Kore an. Se 12è patisipasyonl nan koup dimond.
– Depi final li lakay li nan lane 1958, Laswèd rive nan Kadefinal yon sèl fwa . Sete nan lane 1994, li te fini 3è.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …