AYITI / AKSIDAN : SÈT (7) MOUN MOURI AK SENKANT SENK (55) BLESE NAN AKSIDAN.

Òganizasyon  » Stop Accident » prezante kantite aksidan yo resanse pou semèn venn kat (24) pou rive trant (30) me 2021 an, daprè yon bilten yo mete deyò jounen lendi tranteyen (31) me a.

Òganizasyon an, fè konnen yo resanse sòti venn kat (24) pou rive dimanch trant (30) me swasant de (62) viktim nan aksidan sikilasyon, ladan yo sèt (7) moun mouri ak senkant senk (55) lòt blese nan dizuit (18) aksidan ki fèt sou wout yo.

Òganizasyon  » Stop Accident » presize seri aksidan sa yo fèt nan Dèlma 75, Maryani, Gresye, Boudon, Titanyen ak komin Gran Gwàv nan depatman Lwès, Aken, Okay nan depatman Sid, Baryè Gode wout nasyonal nimewo de (2) ak  » Morne Grand Gilles wout nasyonal nimewo twa (3).

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …