AYITI/ KOVID-19 : PREMYE MINIS ai, DOKTÈ CLAUDE JOSEPH REYINI AK MANM SELIL SYANTIFIK SOU JESYON KRIZ KOVID-19 LA.

Premye minis pou yon ti bout tan an, doktè Claude Joseph fè yon chita pale pa vizyo konferans ak manm selil syantifik sou jesyon kriz pandemi kowona viris la._

Ayiti ap fè fas ak 2 nouvo varyan Kovid-19 la. Sa lakoz, dènye tan sa yo, gen anpil ka kontaminasyon ak lanmò. Doktè Claude Joseph, nan sans sa, fè yon chita pale ak selil syantifik la sou jesyon Kovid-19 la.

« Chèf gouvènman pou yon tan tou kout la, Claude Joseph vle konnen kisa ekspè yo panse sou devlopman kriz sanitè ki gen ak wè ak Kovid-19 la nan peyi a; li vle konnen avi yo ak pi bon rekòmandasyon ki ka pran pou kwape maladi a ak pwoteje popilasyon an », li nan yon nòt primati a mete deyò.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …