ESPÒ/COPA AMERICA :FINALMAN SE PEYI BREZIL K AP RESEVWA COPA AMERICA 2021 AN.

Aprè anpil dout ki t ap plane sou òganizasyon copa america a, konfederasyon foutbòl sid ameriken an ( CONMEBOL) konfime jounen lendi 31 me 2021 an se peyi Brezil k ap gen pou resevwa 47èm edisyon copa america a ane sa._

Ajantin ak Kolonbi se 2 peyi ki te deziye pou te òganize konpetisyon an. Dènye tan sa yo pou jan Kovid-19 la ap gaye nan peyi Léo Messi a sa ka lakoz dirijan yo deziste.

Yon semèn anviwon aprè peyi Kolonbi te di li pap ka òganize konpetisyon an. Nan sans sa, CONMEBOL la chwazi peyi Brezil pou akeyi 47e edisyon copa america a.

Chwa sa li fèt, daprè eskplikasyon yo bay, sou baz pandemi kowona viris la gentan rive nan pik li nan peyi Brezil. Sa ki diferan pou peyi Alexis Sanchez, Chili ki se te youn nan kandida pou resevwa konpetisyon an.

« Copa America CONMEBOL la ap jwe nan peyi Brezil. Dat konpetisyon an konfime. Sepandan pou vil ak otèl k ap gen pou resevwa match ak fanatik yo, CONMEBOL la ap fè konnen yo nan yon tan ki pa twò long ».

Dènye edisyon an te fèt nan lane 2019 nan peyi Brezil. E se li menm ki te chanpyon. Ane sa, se menm li menm ankò ki pral resevwa konpetisyon an 2 lane aprè, sa ki lakoz anpil fanatik enpasyan pou yo wè sa ki pral fèt.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …