AYITI / JISTIS : YON SESYON ASIZ KRIMINÈL SAN ASISTANS JIRI DEMARE NAN JIRIDIKSYON MIRAGWÀN.

Yon sesyon asiz kriminèl demare nan tribinal premye enstans miragwàn lan venn kat (24) me 2021 an, ki ap fini sèt (7) jen 2021 daprè dwayen tribinal premye enstans Miragwàn lan mèt Nerva Vilmon.

Nan kad yon entèvyou dwayen tribinal premye enstans Miragwàn lan mèt Nerva Vilmon bay Echo Jounal, fè konnen sesyon asiz kriminèl sa ki demare venn kat (24) me 2021 an, ap fini sèt (7) jen 2021. Tribinal kriminèl la ap tande onz (11) dosye ki enplike dis nèf (19) moun, yo repwoche pou plizyè enfraksyon tankou : vòl, vyòl, trafik ilisit estipefyan , asosiyasyon malfèktè ak detansyon zam ilegal.

Pou fini dwayen tribinal la, mèt Nerva Vilmon, ki mande ak popilasyon an chak lajistis mande pou yo e pou yo fè devwa yo ak ankouraje vin swiv dewoulman asiz kriminèl yo pou yo kapab konnen ki pèn lalwa rezève pou yon seri enfraksyon lè fèt .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …