AYITI / POLITIK : SEKTÈ KI POTE NON DEMOKRATIK AK POPILÈ A DI YO AP BAY SIPÒ YO AK ANSYEN DEPITE JEAN DANTON LEGER.

Estrikti ki pote non sektè demokratik ak popilè a (SDP) di yo pote solidarite ak ansyen depite Jean Danton Leger, ki envite vandredi kat (4) jen 2021 an, nan pakè Tigwav pou reponn kesyon chèf pakè a mèt René Emanuel.

Pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel, estime desizyon pou envite ansyen palmantè a se yon mwayen pou kapab pèsekite Jean Danton Leger. Pilwen, avoka mande ak manm popilasyon an rejyon Grangwav ak Tigwav pou al plante pikèt yo byen bonè nan pakè Tigwav vandredi kat (4) jen 2021 an, an siy solidarite ak Jean Danton Leger.

N ap siyale, nan yon videyo ki t ap sikile spu rezo sosyal yo aprè yon rankont sektè demokratik la nan komin Grangwav ak Tigwav semèn pase a, kote plizyè endividi te gen manchèt nan men yo ladan yo mèt Jean Danton Leger te idantifye k ap fè menas kont reyalizasyon referandòm lan ven sèt (27) jen k ap vini la .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …