AYITI/KONSTITISYON : ANSYEN PREZIDAN JOCELERME PRIVERT SOTI NAN SILANS LI POU LI MANDE SIKSESÈ LI JOVENEL MOÏSE POU KANPE SOU CHANJMAN KONSTITISYON LI AP PALE A.

Ansyen prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert soti nan silans li pou li mande chèf leta a Jovenel Moïse kanpe machin ki ap sikile ak chanjman konstitisyon li ap pale nan peyi a.

Toujou ansyen prezidan asanble nasyonal la ki ap pale, li di si lokatè palè Nasyonal la pa chanje lide nan zafè chanje konstitisyon li an, li ap fè yon zak de wo trayizon paske prezidan an pa gen okenn pwovisyon legal pou li fè referandòm.

Nan sans sa, ansyen palmantè a di lajistis pral oblije mete li anbranl kont premye mandatè peyi a si li ta chanje konstitisyon an vre paske se pi gwo krim li pral fè peyi a.

Nap raple nou 27 jen se dat gouvènman an toujou kenbe pou fè referandòm konstitisyonèl la.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …