Match Angletè vs tinizi yan fini 2-1 nan anfavè anglè yo nan estad Volgograd Arena ak yon double pou H.kane nan 11′, 90+1′ ak yon gòl pou tinizyen an F.Sassi sou penalite nan 35′.
Antrenè fòmasyon Anglè yan G.Southgate te kanpe ekip lan an 3-1-4-2 . Epi antrenè tinizyen yan te kanpe poulenl yo an 4-1-4-1.
Chanjman :
– F. Ben Mustapha #1 desann nan 15′ pou Tinizi, M. Hassen (gadyen ) soti.
– M. Rashford atakan #9 anglè yan rantre, R. Sterling atakan soti nan 68′.
– M. Ben Amor #14 tinizi yan rantre ,N. Sliti ranplasel nan 74′.
– R. Loftus – Cheek #21 anglè yan rantre, D. Alli mitan teren ranplasel nan 80′.
– F.Khalifa #19 Tinizi yan rantre, W. Khazi soti nan 85′.
– E. Dier #4 rantre pou Angletè, J. Lingard Mitan teren yan soti nan 90+3′.
Katon Jonn :
– 33′ K. Walker #2 defansè Angletè.
Angletè poko janm pèdi devan yon ekip Afriken nan koup dimond ( 3 viktwa, 3 nil) .
Tinizi sou 5è edisyon koup dimond li, li poko janm rive nan faz eliminasyon dirèk.
Ridoré Steeve
ridoresteeve@Gmail.com
( +509) 3178-98-79