LEMOND/SANTE: POU PREMYE FWA DEPI JIYÈ 2020 24È PASE SAN PA GEN YON KA LANMÒ NAN KOVID-19 KI ANREJISTRE NAN WAYÒM INI

Sèvis sante Britanik yo pa anrejistre, madi 1 Jwen an, okenn ka lanmò  maladi kowona viris la nan dènye 24è ki sot pase a. Dènye fwa sa te rive se te 30 Jiyè 2020._

Diminisyon nan kantite moun k ap mouri nan Kovid-19 se yon bon nouvèl li ye pou Britanik yo. Yo se peyi Ewopeyen ki gen plis mouri ki mouri nan pandemi kowona viris la avèk anviwon 128 000 ka lanmò.

« Tout peyi a kontan aprann pa gen okenn ka lanmò ki anrejistre nan jounen madi a nan Kovid-19 la », rejui minis sante a Matt Hancott ki anmenmtan feliste tèt li pou vaksen yo ki « fonksyone byen ». Malgre bon nouvèl sa, minis sante a vle rete pridan. » Nou konnen nou poko genyen batay la kont viris la », deklare Matt Hancott.

Wayom ini, daprè dènye bilan ofisyèl otorite sanitè yo mete deyò gen 3165 ka kontaminasyon ki gen a wè ak kowona viris la daprè sa Jounal le Parisien rapòte.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …