AYITI/ JISTIS : BAWO TIGWAV MANDE MÈT JEAN DANTON LEGER POU BOUDE ENVITASYON PAKÈ TIGWAV LA.

Nan yon kòrespondans bawo Tigwav mete deyò mèkredi de (2) jen 2021 an, yo mande ak mèt Jean Danton Leger pou boude envitasyon pakè Tigwav fè li pou vandredi kat (4) jen 2021 an.

Nan nòt sa konsèy la, fè konnen yo poko analize dosye ki enplike ansyen palmantè Grangwav la, jan lalwa mande sa ki trase yon pwosedi pou trenen devan lajistis yon avoka selon dekrè 1979 ki mete lòd nan pwofesyon avoka nan atik 66,67 ak 69.  » pou kounya mèt Jean Danton Leger, pa kapab prezante devan pakè, ni nan kabinè enstriksyon, avan ke konsèy lòd deside sou dosye li a ».

Nan menm nòt la Batonye Bawo Tigwav la, mèt Anthony Milord, fè konnen yo ap gen pou konvoke avoka Jean Danton Leger, nan dat disèt ( 17) jen ki ap vini la pou kapab pran konesans sou dosye li a pou konnen èske li ap kapab disponib pou reponn kesyon lajistis.

Nou ap siyale, komisè gouvènman Tigwav la mèt Emmanuel René, te envite mèt Jean Danton Leger pou demen maten kat (4) jen 2021 an, akoz menas pakè Tigwav estime li t ap fè kont referandòm ki ap fèt nan dat venn sèt (27) jen k ap vini la .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …