AYITI/KILTI: FREDA, YON FIM GESSICA GÉNÉUS AP NAN FESTIVAL » CANNES » POU LANE 2021 AN.

_Freda se non yon fim Gessica Généus ki seleksyone pou patisipe nan festival » Cannes » ki ap gen pou fèt soti 6 pou bout 17 jiyè 2021 ki ap vini la. Se prezidan festival « Cannes » lan ki se Pierre Lescure ak delege a, Thierry Frémaux ki anonse nouvèl la nan kad yon konferans pou laprès yo te bay jounen Jedi 3 Jwen 2021 an._

Freda se yon fim fiksyon, 3 pwodiksyon ki rele ayizan pwod ( Ayiti), Sanosi pwod( Lafrans) ak mèvèy pwo( Benen) mete ansanm pou pwodui.

Fim nan rankonte lavi difisil 3 fanm ki, yo menm, se pèsonaj prensipal yo. Freda, Esther ak manman yo se yo 3 ki make atansyon nan fim fiksyon sa. Yo rete nan katyè popilè, yo konnen tout difikilte posib. Yo ap viv nan prekarite. « Freda se istwa tout fanm », deklare Géssica Généus nan bat bouch li t ap fè ak Ayibopost. » Freda nan fim nan pa gen anyen pou wè ak lespri vodou jan anpil moun panse a », kontinye reyalizatris la.

« Fim nan se yon mannyè pou di kijan pou vin fanm nan yon sosyete matchis tankou sosyete ayisyen an. Li se tou yon fim ki la pou di kijan pou leve aprè yon pakèt twomatis nou viktim nan anfans nou tankou kadejak », daprè Géssica Généus.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …