RISI2018: MATCH KOLONMBI VS JAPON FINI 2-1 NAN AVANTAJ NAN AVANTAJ JAPONÈ YO

Bèl rankont jodi madi 19 jen 2018 lan nan group H lan Kolonmbi vs Japon an fini 2-1 nan avantaj Azyatik yo nan estad Mordovie yan. Ak yon gòl pou azyatik lan S. Kagawa nan 6′ sou penalite , J. Qintero jwè Kolonmbi yan nan 39′, Ak Y. Osako 73′.

Antrenè Kolonmbi yan J. Pekerman te kanpe ekip lan an 4-2-3-1,epi seleksyonè Azyatik lan A. Nishino te chwazi menm fòmasyon an.

Chanjman Kolonmbi :

– nan 31′ W. Barrios #5 lan rantre, J. Cuardrado soti .
– R. James #10 rantre, J. Kintero soti nan 59′.
– C. Bacca #7 rantre, J. Izquierdo soti nan 70′.

Chanjman Japon:

– K. Honda #4 rantre, S. Kagawa soti nan nan 70′.
– H. Yamaguchi #16 soti, G. Shibasaki soti nan 80′.
– S. Okazaki #9 rantre, Y. Osako #15 soti.

Katon jonn :
– W. Barrios #5 (kolonmbi) nan 64′.
– James # 10 (kolonmbi ) 86′.
– E. Kawashima gadyen Japon an nan 90+3′.

Katon Rouj :

– C. Sáchez mitan teren kolonmbi yan nan 3′.

Se premye fwa Japon bat yon ekip Sid Amerik nan koup dimond aprè yon nil ak 3 defèt. E se premye nasyon Azyatik tou ki bat yon nasyon Sid Ameriken tou nan yon Mondyal aprè 3 nil ak 14 defèt.
Kolonmbi pèdi 2 dènye match li nan koup sete fas ak brezil nan lane 2014, ak jodi an kont Japon.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …