AYITI/REFERANDÒM: MATHIAS PIERRE MANSYONE 2 REZON FONDAMANTAL KI LAKOZ KONSTITISYON 1987 LA PA KA APLIKE KÒMSADWA.

_Minis delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo, Mathias Pierre mansyone sou kont twitè li jounen mèkredi 2 Jwen 2021 an 2 rezon prensipal ki lakoz konstitisyon 1987 la pa ka aplike anndan peyi a jan sa ta dwe fèt._

Pouvwa an plas la vle, depi plis pase 6 mwa chanje konstitisyon peyi a. « Apre 34 lane, anpil moun konstate konstitisyon 1987 la difisil pou li aplike nan peyi a », selon Mathias Pierre.

« Difikilte pou mete sou pye yon konsèy elektoral pèmanan, chire pit ki toujou genyen ant pouvwa egzektif, lejislatif ak jidisyè », se 2 rezon valab, daprè minis delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite sou zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo, Mathias Pierre ki lakoz konstitisyon 1987 la pa ka aplike.

Sepandan, anpil palmantè leve vwa yo pou yo eksprime dezakò yo ak pwojè referandòm, chanje konstitisyon rejim ki nan tèt Leta a vle fè nenpòt jan sa ye. « Nou pa nan referandòm. Pa gen okenn biwo referandòm k ap vin mete nan sidès », deklarasyon senatè Joseph Lambert nan dat 25 me 2021 ki sot pase a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …