AYITI / REFERANDÒM : KOMITE KONSILTATIF ENDEPANDAN DENONSE GWO MENAS KI AP FÈT KONT REFERANDÒM LAN

Nan yon nòt pou laprès komite konsiltatif endepandan ( CCI) mete deyò jounen vandredi kat (4) jen 2021 an, denonse gwo menais ki ap fèt kont reyalizasyon referandòm lan venn sèt (27) jen ki ap vini an.

Nan nòt la, manm yo nan komisyon an di yo gen gwo kè sote sou bann pawòl ak deklarasyon vyolans plizyè sektè ap fè nan peyi a kont refòm konstitisyonèl la, manm yo nan komite ki denonse seri pawòl piman bouk ki menm mande ak popilasyon an pou pa ale vote nan dat venn sèt (27) jen an.

 » okenn dezakò politik paka jistifye zak vyolans, tankou vyolans ak zam osinon fizik. Komite a ki envite tout sitwayen, fanm tankou gason sa ki an akò ak sa ki an dezakò ak pwosesis refòm konstitisyonèl la egzèse libète ekspresyon ak dwa vòt yo nan kad respè youn pou lòt », yon pati nan nòt pou laprès komite konsiltatif la, ki mande pou respekte règ jwèt la.

Pou fini, komite konsiltatif endepan ki di yo pwofite okazyon an pou renouvle angajman pou ekri yon tèks konstitisyonèl solid ak reprezantatif, yon fason pou tout ayisyen yo kapab pwononse yo nan vòt.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …