AYITI/ENSEKIRITE:  PLIZYÈ FIB KOUPE PANDAN  AFWONTMAN ANT GRAN RAVIN AK TI BWA

Batay ki genyen ant gwoup gang nan rantre sid kapital rann kominikasyon an difisil nan kèk zòn, plizyè fib koupe. Sa lakoz nan zòn gran sid la se sèl apèl ki pase ak 3G kèk kote, daprè PDG dijisèl la Marteen Boute._

« Akoz panik ki gen sou matisan an, nou gen plizyè fib ki koupe. Nan anpil zòn, soti kafou rive nan sid, sidès, Nip ak Grandans se sèl vwa apèl ki pase ak 3G kèk kote », daprè sa Marteen Boute fè konnen.

PDG digicel la mande, yon lòt kote mande pou kliyan sityasyon sa afekte pou pran yon ti pasyans annatandan lapè tounen nan matisan.

Sityasyon ki ap dewoule nan matisan an gen plis pase 48è, jiskaprezan okenn otorite poko reyaji. Popilasyon an lage 2 bwa balanse.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …