AKTYALITE LÒT BÒ DLO: JUSTIN TRUDEAU PRAL BAY PEYI VENEZWELA 35 MILYON EWO.

Group Lima ki gen 14 peyi lamerik latin anplis kanada te reyini jounen 4 fevriye a nan Otawa nan lide pou ede opozan Venezwelyen an Juan Guaido epi jwenn yon solisyon pou sòti Venezwela nan kriz li ye a. Yon inisyativ plizyè peyi ewopeyen epi lèzetazini.

Nan kòmansman reyinyon gwoup Lima a nan otawa, premye minis kanadyen an Justin Trudeau di gen 53 milyon dola kanadyen ki egal ak 35 milyon ewo.

<< Jodia kanada ap monte anpwisans epi di gen yon èd 53 milyon dola kanadyen pou reponn ak bezwen moun ki nan pi gwo difikite yo tankou 3 milyon refije yo>> deklare Justin Trudeau.

Gen anviwon 20 peyi ewopeyen tankou Espay, lafrans epi Almay di yo rekonet lendi maten an Juan Guaido antanke prezidan pwovizwa lejitim Venezwela apwè Maduro di li pap fè eleksyon prezidansyèl Jan yo te mande l la. Anpil peyi nan gwoup Lima a te gentan rekonet Juan Guaido sof Meksik depi semèn pase.

Opozan venezwelyen yo Juan Guaido, ki pwoklame tèt li prezidan an di li enpasyen pou li wè yon eleksyon lib epi demokratik fèt nan peyi an pou demokrasi ka tounen boujounen. Li kontinye pou l di tout pep venezwelyen prè pou al nan eleksyon san fòs kote. Lidè pati Primero justicia fè konnen dechoukay rejim maduro a ap egal dechoukay miray bèlen lamerik latin nan.

Anplis gwoup Lima a ki gen 14 peyi lamerik latin epi kanada ki te prezan nan reyinyon an te gen reprezantan ròyòm ini an, sekretè deta ameriken an Mike Pompeo epi chef dipwomasi ewopeyèn nan Helga Schimid.

Peterson Louis.

Kredi foto: Nyou lokal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …