AYITI /DIPLOMASI:ANBASADÈ KENNETH MERTEN RETOUNEN NAN PEYI DAYITI AK TIT « CHAJE DAFÈ »

Anbasadè Etazini nan peyi Dayiti soti nan lane 2009 pou rive nan lane 2021, Kenneth Merten retounen nan peyi Dayiti, men fwa sa se ak tit « chaje dafè » daprè  sekretè Deta ameriken an, Anthony Blinken ki fè anons la sou twitè.

« Mwen fyè pou mwen anonse retou Kenneth Merten an Ayiti pou egzèse fonksyon chaje dafè yo. Etazini se yon patnè endefektib li ye pou Ayiti », ekri sekretè Deta ameriken a.

« Nou rete detèmine pou nou soutni pèp ayisyen an », fè konnen Anthony Blinken nan twit li fè jounen madi 12 oktòb 2021 an.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:wikiwand

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …