ANSYEN DIREKTÈ SÈVIS RANSÈYMAN PREZIDAN HUGO CHAVEZ LA ANBA KÒD.

Ansyen direktè sèvis ransèyman Hugo Chaves la Hugo Carvajal jwenn arestasyon li jodi vandredi 12 avril 2019 la nan peyi Espay, ansyen direktè a akize kòm moun ki nan mafyozo ak dilè dwòg.

Se peyi Etazini ki bay lòd pou arete ansyen direktè ransèyman an ki gen ti sinon El pollo nan peyi Venezwela, selon enfòmasyon yo depi nan lane 2008 trezò piblik peyi Etazini sispèk Carvajal nan trafik kokayin e ta gen lyen ak geriya fak yo nan peyi Kolonbi, non li te nan lis moun ke yo lage koukou wouj dèyè yo nan mond lan pou kesyon dwòg.

Hugo Carvajal ki te yon gwo pyon pou rejim Hugo Chavez la ak Nicolas Maduro ta pral vire do bay Nicolas Maduro epi al sipòte Juan Guiado ki programe tèt li prezidan nan peyi Venezwela.

 

Hubert.emmanuel@ymail.com

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …