Ansyen prezidan Kore Disid la Park Geun-hye kondane pou li pase 24 tran nan prizon pou koripsyon.
Madam Park se premye fanm ki te rive prezidan nan peyi kore disid, li ta pral pèdi pouvwa a nan lane 2017 apre yon skandal koripsyon epi abi pouvwa kote yo ta pral jwenn li koupab.
Selon enfo yo madam nan te konn itilize pouvwa prezidan li a pou fòse antrepriz yo bay plizyè milya won (lajan koreyen) nan de fondasyon ke zanmil Choi Soon-sil ap dirije.
Madam Park vin twazyèm prezidan nan peyi Kore Disid ki pran kòd pou koripsyon
KREDI FOTO: Le Parisien