Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) fikse dat 6 septanm 2021 pou lekòl la relouvri pòt li nan peyi a. Paralèlman, gen gwo kè kase bò kote anpil paran parapò ak sityasyon ensekirite a e ka kidnapin nan ki retounen ap taye anba anba bab otorite Lapolis ak Lajistis yo, men tou gen tranbleman tè 14 dawout 2021 an ki kraze Gran Sid peyi a.
Yon tranbleman tè 14 dawout manyitid 7.2 lakoz plizyè milye moun pèdi lavi yo, ak plizyè milye blese. Yo anpil sila yo ki, apre pasaj tranbleman tè a, pa gen kote pou yo rete. Alòske, otorite ki nan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl vle koutkekout relouvri lekòl la nan dat yo te prevwa pou relouvri l la ki se 6 septanm 2021.
Semèn ki sot pase a, gen 2 ka kidnapin ki te deklare nan laprès. Youn nan yo se te doktè jinekològ lopital DASH nèg ak zam te kidnape pandan li ta pral pote asistans li bay yon fanm ansent. Akoz anlèvman sa, fanm ansent lan ak timoun ki te nan vant li a te pèdi lavi yo. Doktè te vin libere nan vandredi ki te 20 dawout.
Lapolis Nasyonal Dayiti, sitou nan depatman lwès la, jiskaprezan toujou enpisan parapò ak ensekirite a e ki kidnapin ki ap simen dèy nan mitan popilasyon an alòske MENFP bò kote pa li vle lekòl la relouvri.
Jackson junior Rinvil