Samdi 2 jwen 2018 la, pòt pawòl « ligue des jeunesses socialistes » jean herold Buteau òganize yon konferens deba nan kapital peyi dAyiti a nan rue deberne # 23 lalue vè 11h nan maten ki te rive 1h aprè midi nan lide pou prezante ideoloji eritaj sosyalis sila a. Jacques ROUMAIN nan lavalas kri sa kap ravaje sosyete ayisyèn lan nan dènye ane sa yo.
Pòt pawòl « Alternative Socialiste » (ASO)la Jean Herold Buteau lonje dwèt jouda li sou fason administrasyon Jovenel Lafontan an kap menmen peyi a sou chimen karavàn mizè a nan 10 depatman peyi dayiti, epi li pwofite di<< chèf leta a pa bezwen vin bay manti sou kesyon vizit li te ale nan peyi japon an.
111 lane depi jèn ekriven ayisyen an vyayaje pou letènite nan peyi san chapo. Jacques ROUMAIN repwoche klas elitis la kap souse klas popilè a depi dig dantan anpil nan tèks li yo, presizeman nan ouvraj : gouvè la rose a.
Jean Gardy Celestin.