ATANTA NAN AYOPÒ KABOUL : BIDEN FÈ KONNEN LAP REYAJI AVÈK « FÒS » EPI « PRESIZYON »

Prezidan ameriken an, Joe Biden, lanse yon avètisman bay responsab atak ayopò Kaboul la nan peyi Afghanistan ki touye pou piti 85 moun, pami yo 13 militè ameriken, selon dènye bilan yo._

« Nap pousache ou epi nap fè ou peye sa. Etazini ap reponn avek fòs epi prezisyon », deklare Joe Biden alankont otè responsab atanta Kaboul yo.

Joe Biden pwomèt la « pouchase » otè atanta yo pandan li fè konnen sòlda ki mouri yo se « ewo ». « Sòlda yo se te yon pakèt ewo ki te angaje yo nan misyon danjere altriyis pou sove lòt vi », soulinye Biden

Sepandan, malgre kritik yo, Joe Biden fè konnen lap respekte dat bitwa kap 31 dawout 2021 pou retire twoup ameriken yo nan peyi Afghanistan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …