Dwayen tribinal sivil premye enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernad Senvil, dezinye jij enstriktè Mathieu Chanlatte, pou enstwi dosye asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Avan dezinyasyon jij enstriktè Mathieu Chanlatte, …
Li Plis »AYITI/ MOVETAN: PEYI AYITI ANBA MENAS GWO RAFAL VAN AK LAPLI, DAPRÈ (UHM).
Peyi Ayiti anba menas yon ond twopikal jounen lendi nèf (9) dawout 2021 an, ond twopikal sa sou wout pou frape divès depatman peyi a tankou Lwès, Sant, Latibonit, Nòdwès, Sidès,Nip ak Grandans, daprè deklarasyon youn nan previzyonis inite idwometewolojik ki gen sig nan lang fransè (UHM), Jeantho Louis. » …
Li Plis »LEMOND/ESPÒ: MESSI NAN PSG ? ANPIL FANATIK GENTAN FÈ DEPLASMAN AN POU AL TANN SISPÈSTA AJANTEN AN NAN « PARC DES PRINCES ».
Istwa Messi ak klèb fòmatè li, kote li pase anviwon 17 lane ap jwe rive nan bout li. Barcelone pa chwazi renouvle kontra li te gen ak ansyen nimewo 10 li a. Depi lè a, laprès espòtif nan peyi Espay ak Lafrans pa sispann anonse Messi nan PSG, kote bon …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS ANONSE YO REPRANN KOMISARYA MATISAN AN.
BOID AK CIMO se 2 inite sa yo ki afekte nan Lapolis Nasyonal Dayiti ki repran kontwòl komisarya Matisan an depi jedi 5 dawout 2021, daprè yon mesaj @PNHofficiel pibliye sou paj fesbouk enstitisyon Lapolis la. Nan mesaj sa, Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen gen twa blennde ki ap siyonnen …
Li Plis »LEMOND/KOWONAVIRIS: POU PI PITI 500 MOUN MOURI NAN YON SÈL JOU NAN PEYI IRAN.
Maladi kowonaviris la, kontinye ap taye banda nan mond lan sitou nan peyi Iran. Nan kad yon kominike otorite sanitè Iran yo mete deyò, fè konnen yo anrejistre 542 mò ak maladi kowonaviris la nan yon sèl jou epi 36 619 nouvo ka maladi a. Selon otorite sanitè yo, lanmò …
Li Plis »LEMOND/ ESPÒ: » MWEN FÈ TOUT SAK POSIB POUM TE RETE NAN « BARCELONE » « , DEKLARASYON LIONEL MESSI.
Nan kad yon konferans pou laprès entènasyonal foutbolè Ajanten, Lionel Messi, bay pou di babay ak ekip « FC Barcelone » lan, aprè pou piti disèt (17) lane meyè jwè mond lan pase nan peyi Espay ap jwe nan liga espanyòl la. » mwen te fè tout sak posib epi nesesè pou …
Li Plis »OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN (OPC) KONDANE ASASINA MÈT ROBERSON LOUIS
Ofis pwoteksyon sitwayen, nan yon nòt ki mete deyò jounen dimanch 8 dawout 2021 an kondane asasina ki fèt sou mèt Roberson Louis samdi 7 dawout nan Dèlma 69 pandan li tap sot fè yon tranzaksyon nan yon bank komèsyal._ « Ofis pwoteksyon sitwayen, enstitisyon nasyonal kap fè pwomosyon ak pou …
Li Plis »LEMOND/JISTIS : LAJISTIS NAN « TEXAS » ENTÈDI ARESTASYON MACHIN KI AP POTE MIGRAN YO.
Jij federal Kathleen Cardone, nan yon desizyon li rann twa (3) dawout 2021 an, ki kontrè ak lòd gouvènè eta « Texas » la, Greg Abbott, te pran pou arete tout machin ki ap pote migran san papye yo sou pretèks yo ap pwopaje maladi kowonaviris la. Jij Kathleen Cardone, bloke pou …
Li Plis »AYITI/ASASINA: » YON MWA APRE ASASINA PREZIDAN L, AYITI TOUJOU POKO KA POTE LIMYÈ SOU SIKONSTANS DRAM NASYONAL SA », REYAJI GARY BODEAU
_7 jiyè 2021, Ayiti te leve ak yon nouvèl ki te dramatik, trajik pou pèp ayisyen an. E se te asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan pèleren 5. Yon mwa apre krim sa te fin fèt, daprè ansyen prezidan chanm depite a, lajistis poko ka pote limyè sou …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : POU PI PITI 4 MOUN MOURI ANBA BAL NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.
Pou pi piti 4 moun mouri, jounen samdi 7 dawout 2021 an, nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens daprè enfòmasyon yo. Bandi ak zam sou motosiklèt touye pandan jounen 7 dawout 2021 an, 3 moun mouri ak yon lòt blese nan ri « Brutus », tou prè ri Akasya, nan komin Pòtoprens. Nan Dèlma …
Li Plis »