Lapolis nan Kwadèboukè mennen yon operasyon nan Bedet 7, patiklyèman nan vilaj pasifik kote yo mete anba kòd prezime chèf gang Joseph Jean Evens alyas Ricot ak 2 nan konplis li yo ki se Mervilien Walken epi Joseph Jivens, daprè yon mesaj ki poste sou kont ofisyèl fesbouk PNH la. …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PLATFÒM POLITIK REPONS PEYIZAN BAT BRAVO LA KONTANTMAN POU MINIS ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO.
Nan yon konferans pou laprès platfòm politik repons peyizan fè jedi 12 dawout 2021 an, yo bat bravo la kontantman pou minis enteryè ak kolektivite yo pou gwo desizyon li pran anfavè meri yo, kazèk, azèk ak delege de vil yo. Kote Minis lan deside peye yo plis pase 15 …
Li Plis »AYITI/ SOSYETE : YON GWOUP JÈN RESEVWA FÒMASYON SOU ANTREPRENARYA AK PWOSESIS LEGALIZASYON ANTREPRIZ NAN OKAZYON JOUNEN ENTÈNASYONAL JÈN YO.
Sou inisyativ sant ayisyen lidèchip ak ekselans ki gen sig nan lang fransè (CLE), ki gen reprezantasyon li nan depatman Nip òganize jounen 12 dawout 2021 an, yon jounen fòmasyon sou antreprenarya ak pwosesis legalizasyon antrepriz yo ki te gen kòm entèvenan ekonomis Nicolson Jean Georges ak avoka Blondy Siguino. …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK LA PA PRAN OSERYE NOUVO KALANDRIYE ELEKTORAL LA.
Sektè ki rele demokratik ak popilè (SDP) a, pa twò byen wè nouvo kalandriye konsèy elektoral pwovizwa mete deyò ki fikse premye tou eleksyon yo pou 7 Novanm 2021 an, yon dat ki pa klè pou sektè demokratik la. Pòt pawòl sektè demokratik la, mèt Andre Michel, fè konnen konsèy …
Li Plis »ESPÒ/TRANSFÈ: ROMELU LUKAKU SIYEN AK EKIP CHELSEA A.
Chelsea anonse siyati Romelu Lukaku nan ekip la. Atakan ekip Bèljik la kite klèb milanè a pou li angaje li pou 5 lane nan ak Chelsea. Meyè bitè seleksyon Bèljik la (61 gòl pou 95 match jwe) siyen yon kontra ak Chelsea ki ap bout nan lane 2026. Klèb londonyen …
Li Plis »MBAPPÉ FINALMAN REYAJI SOU DOSYE TRANSFÈ MESSI NAN PSG A.
Entènasyonal fransè a, Kylian Mbappe, se te youn nan jwè jiska mèkredi 11 dawout 2021 an ki potko reyaji sou ofisyalizasyon transfè Messi a nan ekip PSG. Atakan klèb kapital peyi Lafrans la reyaji finalman. Kylian Mbappé poste yon mesaj sou kont enstagram li jedi 12 dawout 2021 an nan …
Li Plis »AYITI/LANMÒ:GREFYE JIJ ENSTRIKSYON KAP MENNEN ANKÈT SOU ASASINA JOVENEL MOÏSE LA MOURI
Ernst Lafortune, grefye jij Mathieu Chalatte kap mennen dosye asasina Jovenel Moïse la mouri nan lannuit 11 dawout 2021an. Daprè yon nòt asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo mete deyò, yo fè konnen grefye a mouri apre yon bouch louvri li te gen ak jij Mathieu Chalatte. Grefye jij enstriksyon kap …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : GWOUP PETWO CHALENJÈ MANDE SIPÒ ENTÈNASYONAL LA POU REZOUD PWOBLÈM ENSEKIRITE A.
Gwoup petwo chalenjè « NOU PAP KONPLIS », mande sipò kominote entènasyonal la pou ede rezoud pwoblèm ensekirite a kap taye banda depi byen lontan nan peyi Ayiti patikilyèman nan rantre Sid kapital la zòn Matisan. Pòt pawòl estrikti « NOU PAP KONPLIS » la, Ricardo Fleuridor, fè kwè nan nivo ensekirite a twouve …
Li Plis »AYITI/POLITIK : OPC MANDE AK NOUVO GOUVÈNMAN POU REYALIZE ELEKSYON, REFERANDÒM AK RANFÒSMAN SISTÈM JIRIDIK LA.
Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), mande ak nouvo gouvènman ki gen nan tèt li premye minis doktè Ariel Henry, pou travay pou ranfòse enstitisyon yo nan peyi Ayiti. Pwotekè sitwayen an, mèt Renand Edouvil, ki mande ak nouvo chèf gouvènman pou travay pou kapab ranfòse kapasite enstisyonèl peyi a pou sa …
Li Plis »AYITI/ MOVETAN : « TANPÈT TWOPIKAL « FRED » TOUNEN YON OND TWOPIKAL » DAPRÈ METEWO.
Nan yon bilten sant inite idwometewolojik AYITI (UHM), mete deyò nan lannwit onz (11) pou louvri douz (12) dawout 2021 an, fè konnen tanpèt twopikal « Fred » retwograde an yon ond twopikal. Youn nan previzyonis (UHM) yo, Chrisnette Saint Georges, fè konnen tanpèt « Fred » pèdi nan entansite li sa ki vin …
Li Plis »