Maladi kowonaviris la, kontinye ap taye banda nan mond lan sitou nan peyi Iran. Nan kad yon kominike otorite sanitè Iran yo mete deyò, fè konnen yo anrejistre 542 mò ak maladi kowonaviris la nan yon sèl jou epi 36 619 nouvo ka maladi a. Selon otorite sanitè yo, lanmò …
Li Plis »LEMOND/ ESPÒ: » MWEN FÈ TOUT SAK POSIB POUM TE RETE NAN « BARCELONE » « , DEKLARASYON LIONEL MESSI.
Nan kad yon konferans pou laprès entènasyonal foutbolè Ajanten, Lionel Messi, bay pou di babay ak ekip « FC Barcelone » lan, aprè pou piti disèt (17) lane meyè jwè mond lan pase nan peyi Espay ap jwe nan liga espanyòl la. » mwen te fè tout sak posib epi nesesè pou …
Li Plis »OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN (OPC) KONDANE ASASINA MÈT ROBERSON LOUIS
Ofis pwoteksyon sitwayen, nan yon nòt ki mete deyò jounen dimanch 8 dawout 2021 an kondane asasina ki fèt sou mèt Roberson Louis samdi 7 dawout nan Dèlma 69 pandan li tap sot fè yon tranzaksyon nan yon bank komèsyal._ « Ofis pwoteksyon sitwayen, enstitisyon nasyonal kap fè pwomosyon ak pou …
Li Plis »LEMOND/JISTIS : LAJISTIS NAN « TEXAS » ENTÈDI ARESTASYON MACHIN KI AP POTE MIGRAN YO.
Jij federal Kathleen Cardone, nan yon desizyon li rann twa (3) dawout 2021 an, ki kontrè ak lòd gouvènè eta « Texas » la, Greg Abbott, te pran pou arete tout machin ki ap pote migran san papye yo sou pretèks yo ap pwopaje maladi kowonaviris la. Jij Kathleen Cardone, bloke pou …
Li Plis »AYITI/ASASINA: » YON MWA APRE ASASINA PREZIDAN L, AYITI TOUJOU POKO KA POTE LIMYÈ SOU SIKONSTANS DRAM NASYONAL SA », REYAJI GARY BODEAU
_7 jiyè 2021, Ayiti te leve ak yon nouvèl ki te dramatik, trajik pou pèp ayisyen an. E se te asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan pèleren 5. Yon mwa apre krim sa te fin fèt, daprè ansyen prezidan chanm depite a, lajistis poko ka pote limyè sou …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : POU PI PITI 4 MOUN MOURI ANBA BAL NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.
Pou pi piti 4 moun mouri, jounen samdi 7 dawout 2021 an, nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens daprè enfòmasyon yo. Bandi ak zam sou motosiklèt touye pandan jounen 7 dawout 2021 an, 3 moun mouri ak yon lòt blese nan ri « Brutus », tou prè ri Akasya, nan komin Pòtoprens. Nan Dèlma …
Li Plis »ESPÒ/JO 2020 : BREZIL BAT ESPAY NAN FINAL EPI KONSÈVE TIT CHANPYON AN
Deja chanpyon olenmpik nan vil Rio nan lane 2016, Brezil konsève tit li epi ranpòte final JO Tokyo 2020 anfas ekip Espay la samdi 7 dawout 2021an. Yon lòt meday dò pou koyekipye Dani Alves yo nan je olenmpik. Senk (5) lane aprè Brezil te bat lakay li Almay nan …
Li Plis »AYITI/REYAKSYON: YOUN NAN PITIT ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE YO FRAPE PYE LI ATÈ FÒ E FÈ YON DEKLARASYON SOU LANMÒ PAPA LI.
_Yon mwa gentan pase depi ansyen prezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan pèleren 5. Daprè Joverlain Moïse, pitit gason prezidan an, nan yon mesaj li poste sou paj fesbouk li nan dat 7 dawout 2021 an, li fè konnen yon mwa apre poko gen anyen ki fèt e …
Li Plis »AYITI/ ASASINA: YON MWA APRÈ ANYEN POKO KLÈ SOU ASASINAY JOVENEL MOÏSE.
Mèkredi sèt (7) jiyè 2021an, peyi Dayiti ak rès mond lan te leve ak nouvèl asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren senk (5), ki nan komin Petyonvil, jounen samdi sèt (7) dawout 2021 an fè yon mwa depi yo te asasinen ansyen chèf Leta a, …
Li Plis »LEMOND/ DRAM : YON LYON TOUYE TWA (3) ELÈV LEKÒL EPI BLESE YON LÒT NAN PEYI TANZANI.
Yon lyon manje lendi de (2) dawout 2021 an, twa (3) timoun ki gen laj nèf (9) pou rive onz (11) lane nan « Ngorongoro » ki se rezèv forè nan peyi Tanzani. Timoun sa yo ki te vin nan lekòl ki tou prè forè a epi yo te deside al gade …
Li Plis »