Òganizasyon fanm ,ki nan tout dis (10) depatman peyi a, kondane ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel lakay li nan Pèleren senk (5), nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Òganizasyon fanm sa yo, voye senpati bay fanmi, madanm li …
Li Plis »PREMYE MINIS ARIEL HENRY ENSTALE MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA NAN PEYI DAYITI
_Minis jistis ak sekirite piblik la, Rockfeller Vincent rekondwi nan pòs li. E li reyenstale 20 jiyè a 2021 an nan tèt ministè a, daprè yon kominike pou laprès biwo kominikasyon ministè a mete deyò._ « Nouvo premye minis, doktè Ariel Henry enstale 20 jiyè nan apremidi minis jistis ak sekirite …
Li Plis »» YO KONPLOTE KONT OU. YO ABANDONE W EPI YO TRAYI W « , PAWÒL MARTINE MOÏSE
Nan fineray Jovenel Moïse, ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse deklare vandredi 23 jiyè 2021 an yo konplote kont mari li, yo abandone li epi yo trayi li._ « Yo konplote kont ou. Yo abandone w epi yo trayi w. Asasen yo la. Yo ap gade nou. Yo ap koute …
Li Plis »AYITI/ FINERAY : YON MÈS CHANTE NAN MEMWA JOVENEL NAN KOMIN MIRAGWÀN
Yon mès » Requierm » chante maten vandredi ven twa (23) jiyè 2021 an, nan legliz kokatedral Sen Janbatis Miragwàn, pandan okazyon fineray ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse kap selebre nan vil Okap. Mès « requierm » sa a kite chante an prezans de (2) nan manm komisyon minisipal enterimè Miragwàn yo …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN : DE (2) JÈN KITE KIDNAPE NAN VIL ENCH YO JWENN LIBERASYON YO.
Endividi ak gwo zam ki te kidnape dimanch dizuit (18) jiyè 2021 an, Dawelson Thomas ak Jean Louis Kenlie jwenn liberasyon yo jedi ven de (22) jiyè a. Selon enfòmasyon yo, nan yon premye tan kidnapè yo te mande san senkant mil (150000) dola ameriken, men aprè negosiyasyon ak fanmi …
Li Plis »AYITI/ASASINA: GWO DEBLOZAY NAN ANTÈMAN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE, ANPIL MOUN KOURI KITE LEGLIZ LA.
Gwo deblozay pete tou pre legliz kote yap chante fineray ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse maten vandredi 23 jiyè 2021 an. Yon deblozay ki lakoz anpil nan diplomat yo gentan kouri kite legliz la malgre seremoni an poko fini, katouch ap tire nan tout kwen, gaz ap voye, selon …
Li Plis »ASASINAY JOVENEL MOÏSE: * »N AP KONTINYE TRAVAY POU MENNEN DEVAN LAJISTIS KOUPAB YO », EKRI CLAUDE JOSEPH*
Daprè yon mesaj minis zafè etranje a, Claude Joseph mete sou kont facebook li vandredi 23 jiyè 2021 an ,li fè konnen sikonstans Jovenel Moïse mouri a lage yon onb sonm sou peyi a. E nan sans sa, lap kontinye travay pou trennen koupab yo devan lajistis. Minis zafè etranje …
Li Plis »OPOZAN FAWOUCH REJIM PHTK PREZAN NAN FINERAY JOVENEL MOÏSE
Opozan fawouch rejim PHTK a, Moïse Jean Charles prezan nan fineray Jovenel Moïse vandredi 23 jiyè 2021 an nan vil Okap._ Ansyen senatè depatman Nò a, Moïse Jean Charles fèk parèt (9h 18) nan fineray Jovenel Moïse la alòske li te toujou anfas ansyen chèf Leta a. Moïse Jean Charles …
Li Plis »AYITI/DIFE: TANTATIV POU METE DIFE NAN LOKAL ÒGANIS KI AP DEFANN DWA MOUN NAN, KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS.
_Kolektif defansè plis, nan yon kominike pou laprès li mete deyò jounen jedi 22 jiyè 2021 an, li fè konnen gen yon gwoup endividi yo pa rive idantifye ki fè tantativ pou mete dife nan syèj enstitisyon an nan lannwit madi 20 pou bout mèkredi 21 jiyè 2021 1an._ « Nan …
Li Plis »AYITI/POLITIK: SOFIA LOREUS ENSTALE NAN TÈT MINISTÈ KONDISYON FANM NAN LAKOU PEYI DAYITI.
Sofia LOREUS, enstale nan tèt ministè kondisyon fanm ak dwa fanm jounen mèkredi 21 jiyè 2021 an devan je anpil gwo tèt nan ministè a, zanmi, fanmi pou site sila yo. LOREUS ki se yon pitit ministè a, ki soti nan pòs direktris jeneral pou moute minis, pwomèt li pral …
Li Plis »