Nan yon nòt biwo ansyen premye minis Evans Paul mete deyò, yo fè konnen ansyen PM nan devaste epi li kalifye sak pase lakay prezidan Jovenel Moïse la nan peleren de dram nasyonal._ « Asasina krapile prezidan Jovenel Moïse nan lannwit madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè 2021 lakay li …
Li Plis »AYITI/ASASINA: AK SIPÒ POPILASYON AN LAPOLIS METE ANBA KÒD PLIZYÈ PREZIME ASASEN JOVENEL MOÏSE NAN JALOUZI.
Ak sipò popilasyon Petion ville la Lapolis nasyonal Dayiti mete men sou 2 prezime asasen Jovenel Moïse nan zòn Jalouzi jounen jedi 8 jiyè 2021 an._ Arestasyon gwoup prezime asasen Jovenel Moïse yo ap kontinye nan peyi a. Aprè popilasyon an te fin alète Lapolis sou prezans 2 etranje yo …
Li Plis »AYITI/ASASINAY JOVENEL MOÏSE : PHTK KONDANE AK TOUT FÒS LI ZAK ASASINAY KI FÈT SOU JOVENEL MOÏSE AK MADANM LI
Nan yon nòt pou laprès pati ayisyen tèt kale ( PHTK) mete deyò mèkredi 7 jiyè 2021 an, yo kondane atak ki fèt sou koup prezidansyèl la nan lannuit 6 pou bout 7 jiyè 2021 pandan yo te lakay yo kote prezidan repiblik la pèdi lavi li epi premye dam …
Li Plis »AYITI/ ASASINA : MOUVMAN MILITAN POU CHANJMAM AYITI KONDANE ASASINAY PREZIDAN JOVENEL MOÏSE .
Nan yon nòt mouvman militan pou chanjman Ayiti ( MMCDHA), voye nan sal redaskyon Echo Jounal, denonse zak asasinay ki fèt sou prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren senk (5) komin Petyon vil nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Mouvman militan yo …
Li Plis »AYITI/ ASASINA: VIZYON AYISYÈN DWA MOUN (VHDH) KONDANE ZAK ASASINAY KI FÈT SOU FANMI PREZIDANSYÈL LA.
Òganizasyon dwa moun vizyon ayisyèn dwa moun ( VHDH), kondane zak asasinay ki fèt sou prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ak madanm li Martine Moïse ki blese grav lakay yo nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. (VHDH) kalifye zak sa kòm yon gwo zak ki …
Li Plis »AYITI/ASASINA: PREZIDAN JOVENEL MOÏSE RESEVWA 12 KATOUCH, DAPRÈ CARL HENRY DESTIN.
_Jij depè Carl Henry Destin, ki tal fè konsta kadav prezidan peyi Dayiti a ki tonbe anba bal moun yo pa rive idantifye fè konnen Jovenel Moïse resevwa 12 katouch._ Selon jij de pè a gen bal ki pran prezidan an nan tèt, nan je ak nan zòrèy, krim sa …
Li Plis »AYITI/ ASASINA: KOMISYON EPISKOPAL NASYONAL JISTIS AK LAPÈ KONDANE ZAK ASASINAY KI FÈT SOU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE
Nan yon nòt pou laprès komisyon jistis ak lapè mete deyò mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an, kondane zak asasinay prezidan repiblik la Jovenel lakay li nan Pèleren senk (5) komin Petyon vil. Daprè nòt pou laprès (CJILAP)la, zak asasinay prezidan Jovenel Moïse la, se yon krim anplis mete sou …
Li Plis »PLIZYÈ PEYI NAN MOND LAN KONDANE ASASINA PREZIDAN JOVENEL MOÏSE .
Premye minis Britanik lan Boris Johnson fè konnen sou kont twitè li ,li vrèman choke epi tris pou lanmò prezidan Jovenel Moïse kote li denonse aksyon malonèt sa ki pase nan lannwit madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè 2021an . Premye minis Boris Johnson prezante kòdoleyans li ak fanmi …
Li Plis »AYITI/ DÈY : KENZ (15) JOU DÈY DEKRETE NAN MEMWA PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.
Nan yon arete ki pote nimewo espesyal ki pibliye jounen mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an, gouvènman ayisyen dekrete kenz (15) jou dèy nasyonal nan memwa prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki asasinen maten sèt (7) jiyè a lakay li nan Pèleren senk (5). Nan atik premye (atik 1) arete …
Li Plis »AYITI/ARESTASYON :LAPOLIS METE ANBA KÒD KÒDONATÈ KOMISYON NASYONAL DEZAMEMAN DEMANTÈLMAN AK REYENSÈSYON.
Lapolis mete anba kòd kòdonatè komisyon nasyonal dezameman, demantèlman ak reyensèsyon an(CNDDR), Jean Rebel Dorcenat jounen mèkredi 7 jiyè 2021 an nan Beladè._ Lapolis mete anba kòd Jean Rebel Dorcenat pandan li tap eseye janbe fontyè pou ale nan peyi Sendomeng. Daprè enfòmasyon redaksyon echo Jounal genyen, Jean Rebel Dorcenat …
Li Plis »