IVAP nan tèt kole ak komite konkou nasyonal pòtrè reyalis » mémoire et encre portrait dessin Rosny Cadet » reyalize final konkou pòtrè a kote yo te tou remèt prim konkou » Je prends la photo et je présente Odette Roy FOMBRUN » 29 jen 2021 an nan otèl Oasis._ Konkou potrè sa …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: ANBASAD PEYI ETAZINI REYAJI SOU KESYON ENSEKIRITE A KI LAKOZ MOUN AP PÈDI LAVI YO NAN PEYI A
_Nan yon mesaj li poste sou kont twitè li, anbasad peyi Etazini reyaji sou kesyon ensekirite a ki lakoz sitwayen yo ap pèdi lavi yo an Ayiti_. « Peyi Etazini gen gwo preyokipasyon sou kesyon moun ki ap pèdi lavi yo ak ensekirite jeneral la ki se konsekans vyolans gang yo. …
Li Plis »AYITI/FIZIYAD: DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS LA LONJE DWÈT SOU ALYE GUERBY GEFFRARD YO.
_Direktè jeneral lapolis la, Léon Charles, nan yon entèvansyon li fè nan laprès jounen mèkredi 30 jen an, lonje dwèt sou alye Guerby Geffrard yo kòmkwa se yo ki responsab fiziyad ki fèt nan dèlma 32 a kote gen 15 moun ki mouri pami yo : Diego Charles ak Antoinette …
Li Plis »AYITI / LANMÒ: GOUVÈNMAN ATRISTE APRÈ LANMÒ TOUT MOUN SA YO NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.
Nan yon kominike pou laprès Primati mete deyò jounen mèkredi trant (30) jen 2021 an, di yo atriste aprè lanmò plizyè moun anba bal bandi nan Dèlma 32, ak Kriswa pami yo jounalis Diego Charles ak sosyològ Marie Antoinnette Duclair. » Premye minis pou ti bout tan Claude Joseph, prezante …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:YON GRAN FRÈ RUTHSELLE GUILLAUME TONBE ANBA BAL BANDI.
Daprè Ruthshelle Guillaume, gran frè li, Maxnold Guillaume te pran bal nan lannwit 29 jen 2021 an pami moun ki te viktim nan Dèlma 32 ak 33 rive pèdi lavi li nan lopital. Se chantèz la ki anonse nouvèl la sou paj facebook li jounen 30 jen an nan maten._ …
Li Plis »ESPÒ/TENIS/WIMBLEDON : SERENA WILLIAMS BLESE, EPI KITE KONPETISYON AN AK DLO NAN JE DEPI NAN PREMYE TOU.
_Serena Williams bay vag ak Wimbledon nan depi nan premye match li ayè madi a apre li te fin blese nan kwis nan match li tap jwe kont Blyeloris la, Aliaksandra Sasnovick_ . Sèt fwa chanpyon Wimbledon, finalis dènye edisyon tounwa sou gazon an nan lane 2019, Serena Williams kite …
Li Plis »LEMOND / KOWONAVIRIS : LIDÈ NÒ KOREYEN VOYE ALE PLIZYÈ RESPONSAB POU MOVE JESYON MALADI KOWONAVIRIS LA.
Lidè Nò Kòreyen Kim Jong Un, voye ale plizyè moun li akize kòm responsab grav ensidan ki gen pou wè ak maladi kowonaviris la, pami yo Pyongyang li pa rekonèt sou teritwa Nò Koreyen an. » moun sa yo koze yon grav ensidan ki gen pou wè ak sekirite Nasyon …
Li Plis »AYITI/ SOYETE : KIYÈS JOUNALIS » RADIO VISION 2000″ YO TOUYE A TE YE ?
Diego Charles, fèt nan komin Mafran depatman Grandans, li te travay kòm jounalis repòtè nan » Radio vision 2000″ kote li te espesyalize li nan fè repòtaj ekonomik pou » Radio Vision 2000″, daprè enfòmasyon nou rekeyi sou jounalis la. Konfrè a, te etidye metye jounalis la nan » Excel », …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : YON JOUNALIS » RADIO VISION 2000″ AK YON MILITAN POLITIK FANM TONBE ANBA BAL BANDI NAN KAPITAL LA .
Jounalis repòtè » Radio tele vision 2000″, Diego Charles ak pòt pawòl pati politik » MATRIS LIBERASYON » Antoinnette Duclair, tonbe nan aswè madi pou louvri jodi trant (30) jen 2021 an anba bal bandi nan katye Kriswa, Komin Pòtoprens. Aksyon sa rive nan moman bandi ak zam sou motosiklèt pete …
Li Plis »ESPÒ/KOUP DWÒP: KAT (4) GWO EKIP ELIMINE DEPI NAN UITYÈM DE FINAL KOUP DEWÒP 2020 AN.
_Pòtigal, Peyiba, Lafrans ak Almay se kat (4)gwo ekip ki gentan kite koup Dewòp la depi nan uityèm definal konpetisyon an._ Koup Dewòp 2020 an kap fèt nan ete 2021 an chaje sipriz ladann. Latristès pa sispann anvayi kè fanatik yo lè yo wè yon ekip yo te kwè ki …
Li Plis »