Manm komite konsiltatif endepandan (MCCI) a, nan yon konferans pou laprès mèkredi dis nèf (19) me 2021 an prezante dezyèm « draft » pwojè nouvo konstitisyon an bay popilasyon an. Prezidan komite konsiltatif endepandan mèt Boniface Alexandre, fè konnen komite a pote koreksyon epi pran plizyè rekòmandasyon ki te fèt nan chanjman …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: « JEAN LÉONARD TOUT PUISSANT (IZOLAN) PRAN YON GWO DESIZYON KONSÈNAN AVNI LI NAN EKIP AKAYÈ A.
_Nan yon mesaj li poste sou kont fesbouk li, Izolan fè konnen li demisyone nan pòs prezidan ekip Akayè a mèkredi 19 me 2021 an_ . « Mwen menm Izolan (Jean Leonard Tout puissant) mwen pran desizyon pou mwen pa patisipe ni pran ankenn inisyativ nan koze sosyal, kiltirèl ak espòtif …
Li Plis »AYITI/EDIKASYON/KOWONAVIRIS: MENFP MANDE POU JÈS BARYÈ YO RESPEKTE NAN LEKÒL YO.
_Daprè ministè sante piblik ak popilasyon, gen 2 nouvo varyan nan maladi Kovid-19 la ki detekte an Ayiti. Ka kontaminasyon ak moun ki ap mouri ap ogmante lejèman. Fas ak sityasyon sa, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), nan yon nòt pou laprès mande pou tout jès baryè …
Li Plis »LEMONN/JISTIS: YON DEPITE DOMINIKEN ANBA KÒD NAN PEYI ETAZINI POU TRAFIK DWÒG.
_Miguel Andrés Gutiérrez Diaz se non yon depite dominiken Lapolis nan peyi Etazini fouke pou trafik kokayin Lendi 17 me 2021 ki sot pase a._ Lajistis ameriken, patiklyèman nan eta Florid, kòm chèf akizasyon yo genyen kont lejislatè dominiken an, fè konnen depite Miguel Andrés Gutiérrez Diaz gen sosis li …
Li Plis »AYITI/SOSYETE : BAWO MIRAGWÀN ÒGANIZE YON RETRÈT NAN JOUNEN FÈT AVOKA YO
Bawo Miragwàn òganize jounen dis nèf (19) me a yon retrèt nan komin Tirivyè pou te kapab selebre fèt avoka yo, ki fete menm jou ak Sentiv. Nan entèvansyon li, batonye lòd avoka miragwàn lan mèt Saurel Frantz, fè konnen pandan jounen retrèt la , bawo a te reyalize divès …
Li Plis »AYITI/ANIVÈSÈ: YON ETWAL NAN PRÈS AYISYÈN NAN AP SELEBRE 23 LANE LI EPI PREMYE ANE LI NAN MEDYA.
Angeline Michel, se non kolaboratris Echo Jounal, ki ap fete anivèsè li jounen mèkredi 19 me 2021 an an menm tan premye ane li nan près la, Jounalis la ki fèt yon 19 me kou jodi a nan seksyon kominal Labadi, yon seksyon nan Komin Plezans depatman Nò. Jounalis la, …
Li Plis »AYITI/LISTWA: YON JOUNEN ATELYE LEKTI POU MAKE DAT FÈT TOUSEN LOUVÈTI.
Yon jounen atelye lekti òganize sou lavi ak istwa Toussaint Louverture, yon aktivite ki òganize sou inisyativ klèb literè limyè demen (LIDE). Selon sa istwa rapòte Tousen Louvèti te fèt dis nèf (19) mil sèt san karant (1740) sou bitasyon Breda . Kòdonatè klèb literè (LIDE) a Jean Hydralte Desormice, …
Li Plis »AYITI / DYASPORA : DIVÈS KONPATRIYÒT NAN PEYI ETAZINI MANIFESTE POU MANDE OTORITE AMERIKEN YO POU PA SIPÒTE POUVWA ANPLAS LA .
Plizyè ayisyen ki ap viv nan peyi Etazini, manifeste madi dizuit (18) me 2021 an, nan Wachintonn kapital peyi Etazini pou mande ak otorite ameriken yo pou sispann sipòte prezidan repiblik la Jovenel Moise. Dyaspora sa yo ki apiye yo sou atik 134-2 konstitisyon an, pou di manda prezidan repiblik …
Li Plis »AYITI/POLITIK:PREZIDAN JOVENEL MOÏSE PRECHE INITE NAN OKAZYON FÈT DRAPO A.
Prezidan repiblik la Jovenel Moise, nan tèt yon delegasyon jounen madi dizuit (18) me 2021 an depoze yon jèb flè pou komemore desan dizuityèm (218) kreyasyon drapo nasyonal la . Chèf Leta, nan mesaj li mande lapè nan mitan tout pitit peyi a paske li fè konnen drapo nasyonal la …
Li Plis »AYITI/KOMEMORASYON: JOVENEL MOÏSE DENONSE KONFYANS KI PA GENYEN NAN MITAN AKTÈ POLITIK YO ANNDAN PEYI A.
Nan okazyon komemorasyon 218 lane drapo ayisyen an genyen depi li te fèt, jounen 18 me 2021 an, Jovenel Moïse denonse konfyans ki pa genyen nan mitan aktè politik yo ki lakoz peyi a toujou gen kraze brize ki ap fèt ladann. « Fòk nou sispann bay kou nan do. Eksperyans …
Li Plis »