SPNH17 la demanti, nan yon nòt pou laprès enfòmasyon pòt pawòl lapolis la te bay ki te fè kwè gen manm sendika a ki kòmanse rankontre ak responsab lapolis la. « N ap presize manm sendika yo pako rankontre ak okenn responsab nan Lapolis la sou veritab pwoblèm n ap konfwonte …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: MACHIN ELEKTORAL, CENEDDH LA RENOUVLE KONFYANS LI NAN GUYRLANDE MESADIEU .
Sant Nòdès ki ap defann dwa moun, nan yon nòt pou laprès fè konnen yo renouvle konfyans yo nan madam Guyrlande Mesadieu pou kontinye reprezantan yo valableman nan machin elektoral la. Aprè yon nòt ki tap sikile sou rezo sosyal ak nan laprès youn nan moun ki nan sektè dwa …
Li Plis »AYITI/MANIFESTASYON: ANTÈMAN MILITAN » TIBLANC TATOO » VIRE AN 2 MACHIN SÈVIS LETA BOULE .
Antèman militan politik manm pati Ayiti an aksyon (AAA) Patrickson Monteau alyas » Tiblanc Tatoo » kite mouri asasinen 2 Me pase a nan ri Cadet Jeremi, chante jounen samdi 9 me 2021 an nan legliz Sen Pyè. Antèman militan politik la kite chante an prezans kòdonatè pati politik ( AAA), …
Li Plis »LEMOND/JISTIS : LAKOU FEDERAL ETAZINI ENKILPE 4 POLISYE NAN LANMÒ GEORGES FLOYD LA .
Selon la lwa nan peyi Etazini, yon moun pakab rejije pou menm krim lan ( règ doub jeopardy), men yon moun kapab jije de( 2) fwa nan nivo Leta lokal ak federal. Se sa kap ret tann polisye ki enplike nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd yo . Lakou federal peyi …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: ANTANT ANT GWOUP GANG VILAJ DEDYE, GANG GRAN RAVIN AK CNDDR POU KANPE SOU AKTIVITE KIDNAPING NAN.
_Daprè kotidyen le nouvelliste, CNDDR la jwenn yon antant ak gwoup gang vilaj Dedye, Gran ravin pou kanpe sou aktivite kidnaping nan an Ayiti._ Fenomèm kidnaping nan prèske touche tout kouch moun nan peyi a. Gen 2 gwoup gang, daprè anpil enfòmasyon, ki plis enplike nan aktivite sa a ki …
Li Plis »SPÒ/LIGA: BARCELONE- ATHLETICO MADRID YON MATCH DESIZIF NAN BATAY POU RANPÒTE LIGA A*
Batay pou konnen kiyès k ap ranpòte chanpyona espanyòl la ap kontinye demen samdi 8 Me 2021 an kote 35 kyèm jounen liga a ap mete bab pou bab ekip Barcelone nan anfas Athletico Madrid la._ Lidè chanpyona a, Athletico Madrid ap an deplasman pou li al jwe kay twazyèm …
Li Plis »PLIZYÈ AJAN SEKIRITE NAN PAK ENDISTRIYÈ SONAPI AN BLOKE YON GWOUP JOUNALIS KI TE PRAL KOUVRI YON MOUVMAN ANDANN PAK LA
Ajan sekirite pak endistriyèl SONAPI bloke yon gwoup Jounalis ki te gen envitasyon pou ale kouvri yon mouvman anndan pak la nan jounen vandredi 7 me 2021 an. Ouvriye izin HORIZON ( Bilding 31) nan pak endistriyèl SONAPI denonse konpòtman responsab izin sila yo fè konnen ki pa respekte dwa …
Li Plis »AYITI/POLITIK:ADMINISTRASYON MOÏSE-JOSEPH LAN ENSTALE NAN PALÈ NASYONAL MANM KOMISYON ASISTANS LEGAL YO
Nan lide pou tout moun ka jwenn jistis ak goumen kont detansyon prevantiv pwolonje nan peyi a, administrasyon Moïse- Joseph mete sou pye konsèy nasyonal asistans legal._ Nan peyi Dayiti, toupatou gen inegalite sosyal, epi se moun « zafè pa bon » ki plis viktim. » Konsèy nasyonal asistans legal la se …
Li Plis »AYITI/SANTE:MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON MONTRE AKLÈ PA TE JANM GEN KOWONAVIRIS NAN PEYI A.
Tout moun kapab sonje kantite dispozisyon gouvènman Jouthe Joseph la te anonse nan lide pou te fè fas ak kowonaviris la, lè sa nou te nan mwa ane 2020. Tout administrasyon te an branl,anpil mezi te anonse nan lide pou te limite pwopagasyon maladi a si toutfwa li ta antre …
Li Plis »AYITI / REFERANDÒM : MANM KEP A SÒTI TÈT BESE NAN KOMIN PÒDEPÈ AK KOMIN JANRABÈL.
Manm konsèy elektoral pwovizwa (KEP) sòti nan tipòt , aprè yon delegasyon manm opozisyon an nan depatman Nòdwès enpeche yo reyalize yon rankont nan komin Janrabèl ak Pòdpè, pou pale sou referandòm lan 27 jen k ap vini la. Seri rankont sa yo, manm konsèy elektoral pwovizwa yo ap reyalize …
Li Plis »