Bawo Miragwàn òganize jounen dis nèf (19) me a yon retrèt nan komin Tirivyè pou te kapab selebre fèt avoka yo, ki fete menm jou ak Sentiv. Nan entèvansyon li, batonye lòd avoka miragwàn lan mèt Saurel Frantz, fè konnen pandan jounen retrèt la , bawo a te reyalize divès …
Li Plis »AYITI/ANIVÈSÈ: YON ETWAL NAN PRÈS AYISYÈN NAN AP SELEBRE 23 LANE LI EPI PREMYE ANE LI NAN MEDYA.
Angeline Michel, se non kolaboratris Echo Jounal, ki ap fete anivèsè li jounen mèkredi 19 me 2021 an an menm tan premye ane li nan près la, Jounalis la ki fèt yon 19 me kou jodi a nan seksyon kominal Labadi, yon seksyon nan Komin Plezans depatman Nò. Jounalis la, …
Li Plis »AYITI/LISTWA: YON JOUNEN ATELYE LEKTI POU MAKE DAT FÈT TOUSEN LOUVÈTI.
Yon jounen atelye lekti òganize sou lavi ak istwa Toussaint Louverture, yon aktivite ki òganize sou inisyativ klèb literè limyè demen (LIDE). Selon sa istwa rapòte Tousen Louvèti te fèt dis nèf (19) mil sèt san karant (1740) sou bitasyon Breda . Kòdonatè klèb literè (LIDE) a Jean Hydralte Desormice, …
Li Plis »AYITI / DYASPORA : DIVÈS KONPATRIYÒT NAN PEYI ETAZINI MANIFESTE POU MANDE OTORITE AMERIKEN YO POU PA SIPÒTE POUVWA ANPLAS LA .
Plizyè ayisyen ki ap viv nan peyi Etazini, manifeste madi dizuit (18) me 2021 an, nan Wachintonn kapital peyi Etazini pou mande ak otorite ameriken yo pou sispann sipòte prezidan repiblik la Jovenel Moise. Dyaspora sa yo ki apiye yo sou atik 134-2 konstitisyon an, pou di manda prezidan repiblik …
Li Plis »AYITI/POLITIK:PREZIDAN JOVENEL MOÏSE PRECHE INITE NAN OKAZYON FÈT DRAPO A.
Prezidan repiblik la Jovenel Moise, nan tèt yon delegasyon jounen madi dizuit (18) me 2021 an depoze yon jèb flè pou komemore desan dizuityèm (218) kreyasyon drapo nasyonal la . Chèf Leta, nan mesaj li mande lapè nan mitan tout pitit peyi a paske li fè konnen drapo nasyonal la …
Li Plis »AYITI/KOMEMORASYON: JOVENEL MOÏSE DENONSE KONFYANS KI PA GENYEN NAN MITAN AKTÈ POLITIK YO ANNDAN PEYI A.
Nan okazyon komemorasyon 218 lane drapo ayisyen an genyen depi li te fèt, jounen 18 me 2021 an, Jovenel Moïse denonse konfyans ki pa genyen nan mitan aktè politik yo ki lakoz peyi a toujou gen kraze brize ki ap fèt ladann. « Fòk nou sispann bay kou nan do. Eksperyans …
Li Plis »AYITI/AFWONTMAN: POU PITI VEN (20) MOUN MOURI NAN AFWONTMAN GANG AK GANG NAN KATYE BELÈ, DAPRÈ RNDDH.
Nan yon rapò òganizasyon rezo nasyonal dwa moun yo ( RNDDH) mete deyò lendi 17 me 2021 an, fè konnen pou piti ven (20) moun mouri ak yon dizèn kay boule, aprè masak ki te fèt vandredi katòz (14) ak kenz (15) me pase a ant gang » Crache Dife » …
Li Plis »ESPÒ/KOUP EWOP:SELEKSYONÈ EKIP LAFRANS LAN KONVOKE KARIM BENZEMA APRÈ 5 LANE AK PLIZYÈ MWA.
Seleksyonè ekip Lafrans, aprè 5 lane ak plizyè mwa konvoke Karim Benzema jounen Madi 18 me 2021 an nan lis jwè li chwazi k ap gen pou al jwe koup Dewòp k ap vini an._ Karim Benzema nan jounen 18 me a make retou atakan Real Madrid la nan seleksyon …
Li Plis »TOP MODÈL NAHOMIE CAMPBELL MANMAN POU PREMYE FWA PANDAN LI GEN 50 LANE SOU TÈT L
Mannken britanik la devwale yon foto nan jounen madi 18 me 2021 a sou enstagram kote li pa bay okenn detay, ni non timoun nan, ni dat ak nan ki sikonstans li fèt. Nahomie Campbell ki gen 50 lane sou tèt li avèk foto pye timoun nan fè anpil pale …
Li Plis »AYITI EDIKASYON :YON GWOUP ANSEYAN NAN KOMIN SITE SOLÈY DENONSE MOVE KONDISYON YO AP ANSEYE TIMOUN
Nan okazyon jounen nasyonal anseyan yo lendi 17 me 2021 an, yon gwoup anseyan nan komin site solèy leve vwa yo byen wo pou denonse move kondisyon yo ap mete pen enstriksyon nan asyèt timoun yo nan lide pou yo ka genyen ti moso konesans. Anseyan sa yo fè konnen …
Li Plis »