Lajistis ap pousuiv Blaise Compaoré, ansyen chèf Leta peyi Boukinafaso nan dosye asasina Thomas Sankara. Daprè desizyon lajistis nan peyi Boukinafaso, Blaise Compaoré dwe vin nan pwosès pou enplikasyon li nan lanmò Thomas Sankara e yo akize li tou akoz li te sere kadav la. Zak asasinay, sere kadav ak …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : » JOUNEN DIMANCH LAN TE YON JOUNEN NWA POU PEYI DAYITI » DAPRÈ PREMYE JOUTHE JOSEPH.
Premye minis ayisyen an Jouthe Joseph, ki montre li preyokipe ak zak ensekirite nan peyi Dayiti aprè yon CSPN espesyal jounen lendi 12 Avril 2021 an deklare » dimanch 11 Avril 2021 an te yon jou nwa pou popilasyon an, pou piti 12 moun kidnape, pami yo prèt legliz katolik …
Li Plis »AYITI/ZEN/ KILTI :DIREKSYON MIZIKAL GWOUP KLASS VOYE ALE LAKAY LI YOUN NAN GITARIS LI POU MANK PÈFÒMANS
Direksyon mizikal gwoup « Klass » voye mizisyen gitaris akonpanyatè Jay R , ale pou mank pèfòmans daprè animatè konpa Jean Mary Simon. Jounalis, animatè kiltirèl la konfime enfòmasyon an nan emisyon li ke li anime. Jean Mary Simon alyas JMS, fè konnen yo voye gitaris Jar R, akoz pèfòmans li pa …
Li Plis »AYITI/ SOSYETE :ÒGANIZASYON PAYAN ANVWA DEVLOPMAN SELEBRE 8 TYÈM LANE YO .
òganizasyon payan anvwa devlopman ( PAVODEV) fete jounen dimanch 11 Avril 2021 an, 8 tyèm anivèsè yo nan 2zyèm seksyon komin payan lokalite misòt (missotte). Selebrasyon an kite fèt nan prezans divès manm li yo ,kòdonatè PAVODEV la enjenyè Jean Jules, fè konnen òganizasyon an te fòme nan lane 2013 …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:ENDIVIDI AK ZAM TOUYE YON ANTREPRENÈ KI SE MÈT THEBO S.A NAN KANAPEVÈ.*
Nèg ak zam asasinen jounen 12 avril 2021 an Patrick Thébeau, mèt konpayi Thebo s.a pandan l sou volan machin li nan kanapevè, ri maten._ Nèg ak zam asasinen sitwayen Patric Thébeau nan machin li. Daprè premye eleman enfòmasyon kèk temwen rapòte, se ta yon tantativ kidnaping ki debouche sou …
Li Plis »ASASINA ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ JEAN FRANTZO SOULOUQUE, PREMYE MINIS JOUTHE VOYE SENPATI LI BAY FANMI VIKTIM NAN.
Premye minis Jouthe Joseph deplore asasina enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque epi voye senpati li bay zanmi ak fanmi viktim lan nan yon nòt primati a fè soti dimanch 11 avril 2021 an. « Premye minis Joseph Jouthe aprann avèk anpil emosyon nouvèl lanmò enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque nan dat …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN:MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE KIDNAPE 2 MOUN NAN DÈLMA 75.
Yves Benoît Jean Marie, fran mason, doktè Trevant Valembrun kidnape nan lannwit samdi 10 avril 2021 an nan dèlma 75. Bandi ak zam kidnape Yves Benoît Jean Marie, fran mason ak doktè Trevant Valembrun nan dèlma 75 samdi 10 avril 2021 an epi malfwa yo pat pran tan pou yo …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : 5 MOUN MOURI, 38 LÒT BLESE NAN 16 AKSIDAN
Òganizasyon « Stop Accident » fè konnen yo resanse 43 moun ki viktim nan aksidan sòti 5 pou rive 11 Avril 2021 an, daprè yon kominike responsab yo mete deyò jounen lendi 12 Avril la . Daprè kominike a nan 43 viktim aksidan sa yo pami yo 5 moun mouri sou plas …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS JOUTHE FRAPE FÒ ANKÒ NAN YON LÒT DEKLARASYON.
_Premye minis Joseph Jouthe, nan kad yon entèvansyon li t ap fè nan lokal pwoteksyon sivil ki nan Fòlibète, deklare samdi 10 avri 2021 an tout moun ki pa dakò detente vit machin yo se zanmi bandi._ Pandan li te al nan gran Nò a, patiklyèman nan depatman Nòdès, chèf …
Li Plis »LEMOND/ POLITIK : POU PITI 700 MOUN MOURI NAN PEYI BIMANI APRE KOUDETA MWA FEVRIYE A.
Pou pi piti 700 moun mouri nan peyi Bimani depi aprè koudeta kont ansyen prezidan Aung San Suu Kyi nan mwa fevriye 2021 an , selon rapò òganizasyon dwa moun peyi Bimani. Selon asosiyasyon asistans prizonye politik yo (AAPP), fè konnen nan kad manifestasyon vandredi 9 Avril 2021an gen 82 …
Li Plis »