Premye minis pwovizwa a, Claude Joseph, nan yon konferans pou laprès li bay jounen Madi 4 Me 2021 an fè konnen se moun ki pa vle eleksyon anki kache dèyè fenomèm kidnapin nan._ Chèf primati a pa t ezite voye toya sou advèsè politik li yo. Daprè Claude Joseph, moun …
Li Plis »ANSYEN ANTRENÈ EKIP TOTTENHAM NAN SE LI KI PRAL ANTRENÈ AS ROMA NAN SEZON K AP VINI AN.*
Revoke semèn pase anwo nan pòs antrenè ekip Tottenham nan, teknisyen pòtigè a pa pran tan pou li jwenn yon lòt ekip. José Mourinho nonmen antrenè ekip As Roma pou sezon kap vini an._ Revoke sa gen 2 semèn anviwon, José Mourinho gentan jwenn yon lòt klèb. « Spécial one » nan …
Li Plis »LEMOND/DRAM : VENN TWA (23) MOUN MOURI AK 70 LÒT BLESE NAN EFONDREMAN YON PON NAN PEYI MEKSIK.
Yon gwo aksidan fèt nan lannwit lendi 3 Me 2021 an, nan peyi Meksik aprè efondreman yon pon metwo nan kapital peyi a selon enfòmasyon laprès nan peyi Meksik, aksidan sa fèt tou prè estasyon Olivos, sou liy 12 metwo a ki nan zòn Sid kapital la kise Meksiko. Selon …
Li Plis »AYITI /POLITIK : ANSYEN SENATÈ YOURI LATORTUE PA PRAN OSERYE DEKLARASYON CHÈF LETA SOU KIDNAPIN LAN.
Ansyen senatè dapatman Latibonit lan Youri Latòti, di li pa pran oserye deklarasyon prezidan la repiblik Jovenel Moïse te fè samdi premye Me a nan inogirasyon baraj Maryon an, chèf leta te deklare » 80% kidnapin yo nan peyi a, se kidnapin politik ». Ansyen palmantè a ki denonse politik chèf …
Li Plis »LEMOND/DIVOS: BILL GATES AK MADANM LI MELINDA GATES ANONSE DIVÒS YO APRÈ 27 LANE MARYAJ.
Bill Gates ak madanm li Mélinda Gates anonse divòs yo aprè 27 lane maryaj, daprès sa yo anonse sou rezo sosyal yo. Tout istwa gen yon fen. Se fen istwa damou ant Bill Gates ak madanm li Mélinda Gates aprè 27 lane maryaj yo chak deside fè wout pa yo. …
Li Plis »GOUVÈNMAN VLE FÈ TOUT SA KI POSIB POU GARANTI LIBÈTE LAPAWÒL AK VOLORIZE TRAVAY JOUNALIS EKILIBRE YO SELON PREMYE MINIS KI LA POU TI BOUT TAN
_Nan okazyon jounen 3 Mas la ki se jounen mondyal libète laprès, Claude Joseph, premye minis pwovizwa a fè konnen gouvènman li an ap fè tout sa ki posib pou yo garanti libète lapawòl ak valorize travay jounalis yo k ap bay enfòmasyon ki ekilibre yo, daprè yon nòt primati …
Li Plis »LEMOND/ POLITIK : PLIZYÈ PATIZAN BOLSONARO MACHE NAN PEYI BREZIL JOUNEN PREMYE ME A .
Plizyè patizan prezidan Jair Bolsonaro, mache nan lari samdi premye 2021 an, pou pote sipò ak prezidan Bolsonaro. Rasanbleman manifestation sa te fèt nan plizyè vil tankou Brasilia, Sao Paulo ak Rio de Jeneiro, pifò manifestan yo se jèn pou al salye travay Jair Bolsonaro ap fè sou pouvwa. Pandan …
Li Plis »AYITI /POLITIK : PREZIDAN SENA DEKLARE ELEKSYON PAP POSIB NAN FEN ANE 2021 AN NAN PEYI AYITI.
Nan yon deklarasyon prezidan tirès sena a fè pandan week-end lan, li deklare eleksyon pa posib nan peyi a pandan fen ane 2021 an akoz ensekirite a ki pa sispann simen dèy nan mitan Popilasyon an. Kote zak kidnapin lan pa sispann vale tèren chak jou ki jou se moun …
Li Plis »ESPO/SERI A: CHANPYONA ITALYEN AN GEN YON NOUVO CHANPYON
Inter Milan ranpòte ofisyèlman chanpyona Italyen sezon 2020-2021 an aprè match nil ki fèt ant ekip Sassuolo a ak ekip Atalanta. Nerazzuri yo, jan yo sinome ekip Inter Milan an, avèk tit chanpyon sila mete fen ak ejemoni ekip Juventus la ki te chanpyon chanpyona italyen an 9 fwa youn …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: FIFA METE DEYÒ POU DIS (10) LANE SIPÈVIZÈ EKIP NASYONAL U-20 FANM LAN.
Komisyon etik federasyon entènasyonal foutbòl asosiyasyon (FIFA), anonse jounen lendi 3 Me 2021 yo mete deyò pou dis( 10) lane sipèvizè ekip nasyonal U-20 fanm lan Nella Joseph, pou li pa patisipe nan okenn aktivite foutbòl ( administif, espò elatriye). Selon chanm komisyon etik FIFA, sipèvizè ekip nasyonal U-20 fanm …
Li Plis »