Diferan anbasad nan peyi Dayiti tankou Alamay, Brezil, Kanada, Espay, Etazini, Lafrans, Inyon Ewopeyèn epi reprezantan òganizasyon Leta ameriken yo ak sekretè jeneral Nasyon Zini swete ane 2021 an se yon ane demokrasi, epi mande pou eleksyon yo fèt nan tout transparans ak kredibilite olye pou chanjman Konstitisyon an, » …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PATI POLITIK PLANSPA ENVITE 15 PATI POLITIK NAN YON CHITA PALE.
Nan yon korespondans ki pote dat 22 avril 2021, pati politik Planspa envite 15 estrikti (pati) politik pou tanmen yon bat bouch sou ansanm kriz ki ap brase bil peyi a. Platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen ( planspa) ki gen nan tèt li Dieudonné Lherisson, envite 15 estrikti politik nan …
Li Plis »AYITI/EDIKASYON: INOHA MANDE POU LEDIKASYON GEN PLIS ENPÒTANS NAN POLITIK PIBLIK OTORITE YO.
INOHA mande otorite konsène yo, nan yon nòt pou laprès li fè soti Lendi 26 avril la, pou bay ledikasyon plis enpòtans nan politik piblik li yo nan sousi pou sosyete a ka pi jis ak ekitab. __ Enstiti nasyonal obsèvasyon Dayiti ( INOHA) konstate, daprè yon nòt li fè …
Li Plis »AYITI/POLITIK: YON DEFANSÈ DWA MOUN MANDE AK KÈK JOUNALIS POU ITILIZE ESPAS YO POU EDE OLYE POU YAP DETWI EPI JOURE MOUN.
Anthonal Mortimé ki tap patisipe nan emisyon « pawòl la pale » jounen lendi 26 avril 2021 sou radio Echojounal konseye kèk jounalis pou itilize espas yo pou fè edikasyon epi ede peyi a olye yap detwi yon moun pou pozisyon li. Selon defansè dwa moun nan genyon seri jounalis ki pran …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : GWO GÈ EKLATE NAN SITE SOLÈY PLIZYÈ MOUN PÈDI LAVI YO AK ANPIL LÒT BLESE.
Jounen dimanch 25 avril 2021 an pou rive Jounen lendi 26 avril 2021 an gwo kout zam ap chante nan site solèy tankou wosiyòl, patikilyèman nan katye Boston kap dirije pa Mathias ak katye bouklin kap dirije pa Jean Pierre Gabriel sa lakoz plizyè moun pèdi lavi yo ak anpil …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: REKTORA INIVÈSITE LETA A MANDE LIBERASYON PWOFESÈ FAKILTE MEDSIN AK FAMASI A MARIE JOSETTE MALVOISIN.
Rektora inivèsite Leta a, nan yon nòt pou laprès li fè soti jounen Lendi 26 avril la mande liberasyon san kondisyon pwofesè fakilte medsin ak famasi, Marie Josette Malvoisin nèg ak zam te kidnape 23 Avril ki sot pase a. » Rektora a konstate avèk anpil doulè sa ki ap …
Li Plis »AYITI /KIDNAPIN : ASOSIYASYON FAMASYEN AYITI YO MANDE LIBERASYON KÒLÈG YO .
Asosiyasyon famasyen Ayiti (APH), nan yon kominike pou laprès yo mete deyò jounen Lendi 26 Avril 2021 an, kondane remonte zak ensekirite a ki ap taye banda nan peyi a ki mete an danje tout sitwayen ak sitwayèn ki ap viv nan peyi Ayiti . Responsab yo nan (APH) fè …
Li Plis »AYITI / ENSEKIRITE: « 17 MOUN MOURI, 86 LÒT BLESE NAN 39 AKSIDAN » DAPRÈ ÒGANIZASYON » STOP ACCIDENT » .
Òganizasyon » Stop Accident » fè konnen yo anrejistre sòti semèn 19 pou rive ayè dimanch 25 Avril la, 39 aksidan pami yo 17 moun mouri ak 86 lòt sòti blese daprè yon bilten yo mete deyò maten Lendi 26 Avril la . Konsiltan òganizasyon » Stop Accident » doktè Ganel Michel, …
Li Plis »AYITI / ENSEKIRITE : WOUT NASYONAL # 2 A, BLOKE DEPI YÈSWA NAN DIVÈS LOKALITE NAN KOMIN TIGWAV .
Wout nasyonal nimewo 2 a, rete bloke depi ayèswa nan lokalite kafou koray, premye plèn, dezyèm plèn ak Lamadlèn ki nan dezyèm seksyon komin Tigwav pou kontinye egzije liberasyon kòdonatè kazèk dezyèm seksyon komin sa, Wilkens Dicette nèg ak zam kidnape ayè dimanch lan nan komin Delma pandan li t …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YO JWENN KADAV MARLINE FLORA NERESTANT NAN YON RAJE NAN KOMIN TABA.
Sitwayen nan komin Taba, jounen lendi 26 avril la dekouvri kadav Marline Flora Nerestant nan yon raje . Depi Jedi 22 avril la pwòch li ap chache l, yo jwenn kadav li nan raje zòn bò lopital » Petit- Frère et Sœurs » nan taba daprè RTVC. Marline Flora Nerestant se …
Li Plis »