Jounen samdi 3 avril 2021 an fè 21 lane depi nèg ak zam te asasinen jounalis vèdèt Jean léopold Dominique ki te direktè radyo entè nan epòk lan. Jounalis Léopold Jean Dominique 69 lane te gen anpil pwojè pou li ede nasyon an men jou ki te 3 Avril nan …
Li Plis »AYITI/ADMINISTRASYON:ÒGANIZASYON PWOTEKTÈ SITWAYEN (OPC) ENSTALE YON DIREKTRIS DEPATMANTAL NAN NÒDWÈS.*
Mèt Renan Hédouville, pwotektè sitwayen, enstale nan jounen 1 avril la nan Pòdepè madam Elmide Edmond Jean Baptiste nan pòs direktris depatmantal nan biwo òganizasyon pwotektè sitwayen nan Nodwès. Seremoni an te dewoule an prezans yon pakèt gwo zotobre nan Nodwès tankou komisè gouvènman premye enstans Pòdepè a, sekretè bawo …
Li Plis »AYITI/KRIM : PLIZYÈ MOUN BOULE TOU VIVAN NAN AFWONTMAN NÈG AK ZAM NAN KATYE BELÈ.
Plizyè moun boule tou vivan nan kay yo nan afwontman jounen premye (1) Avril la nan katye Belè ki twouve li nan pati nò kapital peyi a pòtoprens, abitan yo ki akize gwoup gang « G9 an fanmi ak alye » ki ta dèyè atak la . Selon esplikasyon kèk abitan …
Li Plis »AYITI/ KILTI : KOUDÈY SOU KI KOTE RARA SOTI
Jiskaprezan, anpil antwopològ, ougan, sèvite poko janm antann yo sou ki kote rara a soti vrèman. Lutch G. Bastien, youn nan fondatè « plen grennen rara » fè konnen, an Ayiti rara koumanse ak taynòs yo, endyen yo ki te toujou ap fete fèt solèy la, sitou rèn Anacaona ak Bohecio. Se …
Li Plis »DIMITRI VORBE KWÈ SE PASKE LEGLIZ TE MANIFESTE KONT KIDNAPIN KI LAKOZ YO KIDNAPE MANM LEGLIZ YO.*
« Depi legliz te antre nan manifeste pou mande chanje peyi a, pou mande kanpe kidnapin la, legliz t ap pran tap », daprè sa Dimitri vorbe ekri sou kont twitter li 1 avril 2021 an. Ansyen patwon Sogener a, Dimitri vorbe, kwè se poze yo ap fè legliz poze. » Depi w …
Li Plis »LEMOND/ DRAM: POU PI PITI 26 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON AKSIDAN TREN NAN PEYI TAYWANN (TAÏWAN) .
Yon gwo aksidan tren fèt nan maten vandredi 2 Avril 2021 an, nan lès peyi Taywann (Taïwan) sa ki lakoz pou pi piti 26 moun mouri ak plizyè lòt blese , selon premye enfòmasyon yo se ta yon dezekilib ki ta pwovoke derayman tren an nan « tunnel » la. Selon otorite …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN : NÈG AK ZAM KIDNAPE 4 MOUN ANDAN YON LEGLIS ADVANTIS PAMI YO PASTÈ AUDALIS ESTIMÉ*
Bandi ak zam rantre nan legliz advantis Galaad la ki chita kò l nan rantre sid peyi a, nan nivo Dikini nan lannwit Jedi 1 avril 2021 an kidnape 4 moun, pastè legliz la se se youn nan yo. Malfwa yo kidnape moun leglis yo ak pastè Audalis Estimé ki …
Li Plis »AYITI /ADMINISTRASYON : LAURENT MSELLATI NONMEN NOUVO CHÈF BANK MONDYAL NAN PEYI DAYITI .
Nan yon kominike pou laprès Bank mondyal mete deyò jounen jedi premye (1) Avril la ,fè konnen yo nonmen Laurent Msellti kòm nouvo chèf bank mondyal nan peyi Dayiti, nouvo chèf bank mondyal Laurent Msellati ki gen kòd lonbrik li ki sòti nan peyi Lafrans . Toujou daprè kominike a …
Li Plis »AYITI/SOSYETE:JOUNEN NASYONAL MOUVMAN FANM YO NAN PEYI DAYITI, MCFDF ANONSE PLIZYÈ AKTIVITE.*
Ministè kondisyon feminin ak dwa fanm ki gen tèt li Marie Ghislene Monpremier anonse, mèkredi 31 mas la, yon seri aktivite yo ap gen pou òganize nan lide pou make jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen yo 3 avril k ap vini la. Ane a 3 avril la ap tonbe nan …
Li Plis »OPERASYON LAPOLIS LA ECHWE NAN VILAJ DE DYE AKOZ MANK ENFÒMASYON » DAPRÈ PREMYE MINIS JOUTHE JOSEPH.
Chèf gouvènman Jouthe Jospeh, nan yon konferans pou laprès mèkredi 31 mas la fè konnen lapolis echwe nan operasyon vilaj de Dye vandredi 12 mas la akoz yo te manke enfòmasyon ak estrateji . Chèf primati a, di ansanm enfòmasyon sa yo vini jwenn li nan yon rapò wo kòmandman …
Li Plis »