Direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa fanm Nip nan tèt kole ak sant Devlopman ak la sante (CDS), onore jounen dimanch 7 mas 2021 an 10 fanm ki sòti nan 11 komin depatman an ki ap fè bon bagay nan sosyete a. Direktris depatmantal ministè a Serette Devalcy, fè …
Li Plis »AYITI /ENSEKIRITE : YON MOUN KIDNAPE NAN LOKALITE MARIANI, KOMIN KAFOU.
Kidnapè yo kontinye ap frape nan komin kafou, aprè liberasyon mèt ponp gaz » Bonjou » a Jean marc Condestin, ravisè yo kidnape samdi 6 mas 2021 an, enjenyè Maxon Fleury, nan menm zòn lan. N ap siyale enjenyè Maxon Fleury, se moun komin tigwav , nan mwens ke 8 jou …
Li Plis »LEMOND / EKONOMI : 1.900 MILYA DOLA AMERIKEN POU RELANSE EKONOMI ETAZINI.
Prezidan ameriken an vle relanse ekonomi peyi Etazini ak yon valè lajan kise 1.900 milya dola ameriken , yon plan ki vize relanse ekonomi peyi ETAZINI ki deja vote nan sena ameriken 50 vòt pou ,49 kont pwojè lwa sa rive pase gras ak grenn vòt prezidan demokrat yo nan …
Li Plis »LEMOND /ESPÒ: JOAN LAPORTA SE NOUVO PREZIDAN KLÈB BASELÒN.
Ekip klèb peyi Espay la Baselòn gen yon nouvo prezidan Joan Laporta, nan kad eleksyon ki te fèt pou te ranplase Joset Maria Bartomeu , nan tèt klèb espanyòl la Jaun Laporta ranpòte eleksyon an. N ap fè remake Joan Laporta, te gen gouvènay klèb Baselòn nan lane 2003 pou …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN:YON ETIDYANT BANDI AK ZAM TE KIDNAPE NAN DEPATMAN NÒ DAYITI JWENN LIBERASYON LI.
Etidyant Shinayda Délicieux jwenn liberasyon li samdi 6 Mas pase a, 24 è aprè moun yo pa idantifye te kidnape l nan Okap. Etidyant nan medsin nan inivèsite Anténor Firmin bandi ak zam yo te kidnape li touprè Ayewopò entènasyonal Okap Ayisyen an nan jounen 5 mas 2021 an nan …
Li Plis »AYITI/MOBILIZASYON:MEDSEN YO NAN TÈT KOLE AK KÈK LÒT ÒGANIZASYON POPILÈ FOULE BETON AN POU DI NON AK KIDNAPIN NAN
Jan sa te anonse depi kèk jou nan semèn nan, medsen yo nan tèt kole ak moun opozisyon politik e moun sosyete sivil yo òganize yon mach dimanch 7 Mas 2021 an nan Pòtoprens nan lide pou te di NON ak kidnapin, ensekrite ak diktati nan peyi a. Mach sa …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN:ENJENYÈ ALIX CLÉMENT JWENN LIBERASYON LI
Alix Clément, mari minis sante piblik ak popilasyon an, Marie Greta Roy Clément, nèg ak zam te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon l jounen samdi 6 Mas 2021. Kidnapin nan touche tout kalte moun nan peyi a. Fas ak kidnapin nan, pèsòn pa alabri. Alix Clément, libere kont ranson, …
Li Plis »AYITI/ KILTI : KATRIYÈM EDISYON FESTIVAL RARA A LANSE NAN PÈNYE YON SEKSYON KOMINAL NAN KOMIN PETYONVIL !
Jounen Madi ki te 2 mas la nan yon konferans pou la près , *Vendredi Ricardo* di bonpyès lanse katriyèm edisyon festival RARA nan Pènye Anba tèm « AK TÈT ANSAN M’ KILTI N’ KA REKANPE » . Nan tan lontan lè nou te di RARA nan lokalite Pènye ou …
Li Plis »AYITI/TRANSPÒ: PANDAN SELEBRASYON 39 LANE SEMANAH A DG A PRECHE INYON NAN MITAN KLAS POLITIK LA.
SEMANAH ki se sèvis maritim epi navigasyon nan peyi Dayiti selebre 39 lane sèvis li jounen vandredi 5 mas 2021 an nan lokal yo nan zòn Torcel ki chita kò li nan komin Petion ville. Nan selebrasyon sila ki te gen prezans plizyè gwo chabrak nan gouvènman an tankou minis …
Li Plis »AYITI/ENSERITE:KIDNAPÈ YO LIBERE PAPA MEN YO KENBE YON PITI LI KI TE POTE LAJAN .
Jean Marc Condestin ki se mèt ponp » Bonjour » nan maryani jwenn liberasyon li nan lannwit jedi 4 Mas la aprè anpil negosyasyon ant fanmi l ak ravisè yo. pitit gason l, Jean Baptiste Condestin, ki t ap jere kesyon negosyasyon an, kidnapè yo tou kidnape l. Ravisè yo lage …
Li Plis »