Sou lidèchip plizyè branch nan opozisyon an nan peyi Dayiti ak kèk oganizasyon nan sosyete sivil la, plizyè milye moun pran lari nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan pou denonse diktati yo di pouvwa an plas la vle mete sou pye nan peyi dayiti . Kèk lidè nan opozisyon an tankou …
Li Plis »AYITI/ADMINISTRASYON: LÈ PEYI DAYITI A PRAL GEN 60 MINIT KAP AJOUTE SOU LI 7 MAS KAP VIN LA.
Nan yon kominike pou laprès ki sòti nan sekretarya palè nasyonal vendredi 26 fevriye 2021 an, ki pote siyati Sekretè jeneral la Lyonel Valbrun, n’ap site : » Sekretè jeneral prezidans lan raple ak tout ajan,fonksyonè ki nan sektè piblik ak prive daprè atik 1,nan arete prezidansyèl ki te sòti 7 …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON DOKTÈ TONBE ANBA BAL KIDNAPÈ EPI MENM KIDNAPÈ SA YO ALE AK MADANM EPI PITIT DOKTÈ A.
Ernst Pady ki se yon pedyat, li gen yon klinik nan aveni kristòf la, tonbe anba bal nèg ak zam bò klinik li a pandan yo tap fòse l moute yon machin pou yo te kidnape li dimanch 28 Fevriye 2021 an. Viktim nan ki te avèk madanm li pa …
Li Plis »AYITI/SANTE:FÒMASYON SOU SANTE MANTAL POU TIMOUN.
Sou inisyativ asosiyasyon kad medikal , sig li nan lang anglè ( Card association medical) , yon jounen fòmasyon sou sante mantal fèt samdi 27 fevriye 2021 an, nan komin miragwàn pou timoun defavorize yo. Se yon inisyativ ki vize akonpanye timoun yo fas ak divès siy yo konn dekouvri …
Li Plis »AYITI/POLITIK:PREZIDAN DOMINIKEN AN DEKLARE LAP KONSTRI YON MI ANT AYITI AK PEYI LI AN SOU FWONTYÈ
Nan okozasyon 167 tyèm fèt endepandans sendomeng samdi 27 février 2021, Prezidan dominike M. Luis Abinader, nan lide pou l anpeche ayisyen ki pa gen papye yo ale Sendomeng. Alòske peyi Dayiti gen yon gwo kriz politik k ap brase bil li dènye tan sa yo, prezidan dominiken an bò …
Li Plis »AYITI/POLITIK: »KOMIN LAZIL NAN YON SITIYASYON KRITIK » DAPRÈ DEKLARASYON MAJISTRA KOMIN NAN
Nan yon entèvyouw nan telefòn ajan egzekitif an aprè komin lazil la Ambroise Epheta, fè konnen komin l ap dirije a ap fè fas ak anpil gwo pwoblèm tankou : enfrastrikti wout ak kouran elektrik. Majistra esplike prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan kanpay li nan komin lazil te pwomèt …
Li Plis »AYITI/LANMÒ: BANDI AK ZAM TOUYE YOUN NAN ANSYEN MANB ÒGANIZSYON PÈP KAP LITE (OPL)YO.
Endividi ak zam asasine ansyen kòdonatè kominal nan pati politik pèp kap lite an Gary Clermont nan rue Pave nan sant vil Pòtoptens lan samdi 27 fevriye 2021 an selon yon responsab òganizasyon an. Cary Clermont tap soti pran yon lajan labank aprè li pran nan machin li pou li …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN/ LIBERASYON : 2 DOMINIKEN AK YON AYISYEN NÈG AK ZAM TE KIDNAPE YO JWENN LIBERASYON YO
Sa gen plizyè jou nèg ak zam te kidnape yo pandan yo t ap soti nan tounaj yon fim, 2 dominiken sa yo ak yon ayisyen jwenn liberasyon yo jodi vandredi 26 fevriye a. Kidnapè yo te mande yon pakèt kòb pou yo te libere yo, men pou kounya poko …
Li Plis »AYITI/KONFERANS DE PRÈS: APRE VENNKATRÈ OTORITE YO BAY KANTITE PRIZONYE KI TE GEN NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ A EPI KONBYEN KI RETE APRE DEBLOZAY LA.
Nan yon konferans pou Laprès sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus bay jounen 26 Fevriye 2021 an, li fè konnen prizon sivil kwadèboukè a, avan deblozay la te pete yè ladann, te gen 1542 prizonye men nan dekont yo fè maten vandredi 26 fevriye an yo jwenn 1125. Pi lwen, …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : CHЀF BANDI VILAJ DE DYE A TONBE ANBA BAL APRE LI TE FIN SOVE NAN PRIZON SIVIL KWADЀBOUKЀ A.
Arnel Joseph ki te sove nan mitan jounen jedi 25 fevriye 2021 an nan prizon sivil Kwadèboukè a apre yon gwo deblozay ki te eklate anndan prizon an mouri nan komin Lestè nan mitan jounen vandredi 26 fevriye 2021 an nan afwontman ak lapolis selon sa sa pòt pawòl lapolis …
Li Plis »