Nan prizon sivil kwadèboukè a anpil prizonye sove jedi 25 fevriye 2021 an. Anpil kout zam t ap chante ant 12è ak 1è nan lokal prizon an daprè yon sous nou ka fè konfyans. Nan moman an nap ekri a, gen yon pakèt prizonye ki lage nan lari a, pèsonn …
Li Plis »AYITI/LAPRES: »JOVENEL MOISE JISTIFYE ZAK VYOLANS LAPOLIS AP FE SOU JOUNALIS YO » SE SA KI NAN YON NOT AJH SOTI PANDAN JOUNEN AN.
Nan nòt li mete deyò 23 fevriye 2021 an, AJH fè konnen li choke, endinye ak eskandalize parapò ak deklarasyon Jovenel Moïse te fè yè apremidi nan « Nasyonzini ». « Entèvansyon chèf Leta a simen anpil konfizyon ak amalgàm nan sa ki gen pou wè ak respè libète laprès e libetè lapawòl …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: KEK ESPESYALIS KI NAN LAPOLIS PEYI KOLONBI VIN BAY KOUT MEN NAN BATAY KONT KIDNAPING NAN AN AYITI.
Yon delegasyon Lapolis kolonbyen rantre nan peyi Dayiti nan lide pou prete menfòt nan batay k ap fèt kont kidnaping an Ayiti dènye jou sa yo. Direktè jeneral lapolis la, Léon Charles, se li ki te resevwa delegasyon an. Rive semèn sa, delegasyon an nan tèt kole ak anbasad peyi …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: ABDIAS EDUME JWENN LIBERASYON LI ANBA MEN BANDI KI TE PRAN LI YO.
Mèt Abdias Edumé jwenn liberasyon l ui (8) jou aprè nèg ak zam te kidnape l. 25 fevriye a, vè 1è nan maten, nan do senmityè Pòtoprens se la kidnapè yo te libere ansyen « substitut » komisè gouvènnman Tigwav la. Pwofesè nan inivèsite Pòtoprens lan, Abdias Edumé jwenn liberasyon l aprè …
Li Plis »AYITI/POLITIK/RELIJYON:SEKTÈ PWOTESTAN AN AP ÒGANIZE YON MACH KONT DIKTATI.
Menm jan ak yon pakèt lòt sektè ki fè l deja, kominote pwotestan an konte foule beton an dimanch 28 fevriye 2021 pou di NON ak diktati dirijan politik yo vle mete kanpe nan peyi a. Nan tèt kole ak yon pakèt lòt òganizasyon politik ki nan lopozisyon ak moun …
Li Plis »AYITI /LANMÒ: ENDISTRI MIZIKAL AYISYEN AN PÈDI MADANM GWO ATIS KI ENVANTE KOMPA DIRÈK NAN PEYI AN
Madanm envantè kompa dirèk lan nan peyi Dayiti maestro Nemours Jean Baptiste mouri lakay li nan Tampa Florida 18 fevriye 2021 an . Marie Félicité Celima Olivier ki te fèt nan komin Akayè 23 septanm 1922 mouri ki te 2 pitit Yvrose ak Yves . Maestro Nermours Jean -Baptiste ki …
Li Plis »AYITI/JISTIS/NIP: GRÈV MAJISTRA YO PARALIZE TOUT AKTIVITE YO NAN TRIBINAL YO NAN JIRIDIKSYON AN.
Grèv ki te lanse sou lobedyans plizyè asosiyasyon majistra yo paralize aktivite tribinal yo nan jiridiksyon Miragwàn. Tout kabinè majistra yo rete fèmen jounen madi 23 fevriye 2021 an , konsta sa pa diferan nan tribinal de pè yo .kèk jistisyab denonse grèv la daprè yo ki fè yo anpil …
Li Plis »LEMOND/DÈY: PREZIDAN AMERIKEN AN MANDE POU DRAPO PEYI ETAZINI AN MOUTE A DEMI MA.
prezidan ameriken an Joe Biden bay lòd pou moute drapo peyi Etazini an a demi ma pandan senk (5) jou. Prezidan an pran desizyon sa pou komemore gwo ravaj Covid 19 la fè lakay yo kote li pote ale pou pi piti senk san mil (500,000) moun selon sa pòt …
Li Plis »AYITI/KRIM/KANADA:KÒ ANSYEN ANIMATRIS RADYO MARLY ÉDOUARD DEKOUVRI SAN VI NAN PEYI KANADA
Kò Ansyèn animatris radyo Marly Édouard dekouvri nan estasyonman nan Laval peyi Kanada san vi byen bonè nan maten dimanch 21 fevriye 2021 an. Marly Edrouard 32 lane te pote plent nan lapolis 2 jou anvan li mouri an pou yon ansyen mennaj zanmi li ki te menase lap touye …
Li Plis »AYITI/POLITIK:PREZIDAN REPIBLIK LAN JOVENEL MOÏSE DEKLARE NAN NASYONZINI GOUVÈNMAN AN DEMANTLE 64 GWOUP GANG
Peyi a te gen 100 gwoup gang, gouvènman an demantle 64 ladan yo « , se pawòl sa yo Jovenel Moïse deklare jodi a 22 fevriye 2021 a devan konsèy sekirite Nasyonzini. Nan lide pou jistifye vyolans lapolis ap fè sou jounalis dènye tan sa yo, Jovenel Moïse deklare nan « Nasyonzini …
Li Plis »